Si NEG ap tann ke se jan sa yo rele KOMINOTE ENTENASYONAL lan aji ou reyaji ak yon NEG tankou JOVNEL ,PEYI an CHIRE.
ENFLIYANS mesye yo ap RETRESI ,alos lan LIV yo ,se tankou FRANKLIN ROOSEVELT te di de SOMOZA ou byen TRUJILLO "Il est un salaud mais c'est notre salaud"
Yo konnen ki jan JOVNEL ap dirije ou mal dirije AYITI;men toutotan sa pa AFEKTE yo,se BOULE GRA pou yo ak JOVNEL.
Se PEP AYISYEN an ,ke GRANGOU ap TOUYE,ke PITIT yo paka al LEKOL ke FATRA ap monte jis lan TWOU NEN yo ,se yomenm ki konnen ki jan bagay yo ye.