| | Pompee Valentin de vastey | |
| Auteur | Message |
---|
T-Kout Star


 Nombre de messages : 225 Localisation : N.Y. Opinion politique : N/A Loisirs : Musique, Lire Date d'inscription : 04/10/2014
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Pompee Valentin de vastey Jeu 27 Déc 2018 - 15:28 | |
| Men "family tree" pal :
https://sites.rootsweb.com/~htiwgw/familles/fiches/000871.htm
Eske gin liv an angle ki te ekri souli mem ?
Eske gin video sou youtube sou li mem ? | |
|  | | T-Kout Star


 Nombre de messages : 225 Localisation : N.Y. Opinion politique : N/A Loisirs : Musique, Lire Date d'inscription : 04/10/2014
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Pompee Valentin de vastey Jeu 27 Déc 2018 - 15:31 | |
| Joel mwen ta mete sa nan seksyon "Histoire D'Haiti" , men mwen we nou bay seksyon sa vag net . | |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages : 16894 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pompee Valentin de vastey Ven 28 Déc 2018 - 7:49 | |
| BARON DE VASTEY se te yon ORIJINAL. Misye defye tout STEREYOTIP.
Se limenm ki te ACHITEK POLITIK PWOGRESIS HENRY CRISTOPHE lan.
Le de NEG tankou JANCHAL MOYIZ ap pale de MILAT ,se pou li li konn de kisa l ap pale.
JEAN VALENTIN ,se te youn lan "MILAT" ,JUSTE CHANLATTE se te yon LOT ki te pase lan SEVIS KRISTOF apre SASINAJ DESSALINES lan. Mwen fin li yon BYOGRAFI BARON DE VASTEY ke yon FRANSE ki rele LAURENT QUEVILLY ekri. QUEVILLY di ke le JEAN VALENTIN te an FRANS ,yo pa t ka distenge de yon FRANSE MWAYEN,li te BLON ak zye BLE. QUEVILLY di li se desandan VALENTIN lan BRETAGNE lan. Misye se te yon "quarteron" pi MILAT ke PETION ak BOYER. Yo di ke PETION ak BOYER te gen TET GRENN,se PO KLE ke yo te genyen Selman. Sitou BOYER ,ki te PITIT yon FANM ESKLAV ki te fet ann AFRIK.
JEAN VALENTIN ,se te yon NEG ki chaje ak PARADOKS.Papa l se te yon KOLON rich ,ki te pwopriyete 85 ESKLAV.Papa l te marye ak MANMAN l ELIZABETH DUMAS . Yon bagay ki tre RA lan EPOK lan,sitou ke PAPA l te rekonet li. Apre ke yo te sasinen misye an 1820 ,menm jou ke WA KRISTOF te mouri an ,yo te fe SILANS sou sa misye te ekri ,menm jan ke yo pa t pale de DESSALINES ,apre SASINAJ li.
Si te gen yon NEG ki te RAYI KOLONYALIS ESKLAVAJIS FRANSE yo ,plis ke JEAN VALENTIN ,pa t gen plis pase l.
Se la PARADOKS lan te ye.Misye te rayi menm lang FRANSE an ,misye te ekri an FRANSE jis pou l fe yo konprann. Lan anpil bagay li EKRI ,misye te komanse pou l di ke FRANSE pa LANG li.Lang li se LANG AYISYEN yo pale ,se KREYOL.Li te ekri an KREYOL tou.
T-KOUT Si w rete lan yon GRAN VIL OZETAZINI ,w ap jwenn ZEV JEAN VALENTIN yo lan BIBLIYOTEK ,ann ANGLE.Yo tradwi yo. | |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages : 16894 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pompee Valentin de vastey Ven 28 Déc 2018 - 9:38 | |
| T-KOUT;
Si w enterese w ap jwenn youn lan LIV JEAN POMPEE VALENTIN-BARON DE VASTEY ki se:
"The COLONIAL SYSTEM UNVEILED" "Le SYSTEME COLONIAL DEVOILE"
Men yon KOMANTE sou LIV lan ke w ap jwenn sou PAJ AMAZON lan: Se yon WONT ETRANJE pi konnen JEAN VALENTIN ke AYISYEN parey li:
Long neglected in mainstream history books, the Haitian Revolution (1791-1804) is now being claimed across a range of academic disciplines as an event of world-historical importance. The former slaves' victory over their French masters and the creation of the independent nation of Haiti in 1804 is being newly heralded not only as a seminal moment in the transnational formation of the 'black Atlantic' but as the most far-reaching manifestation of 'Radical Enlightenment'. The best known Haitian writer to emerge in the years after the revolution is Baron de Vastey (1781-1820), who authored over ten books and pamphlets between 1814 and his murder in 1820. His first and most incendiary work, Le système colonial dévoilé (1814), provides a moving invocation of the horrors of slavery in pre-revolutionary Saint-Domingue. Its trailblazing critique of colonialism anticipates by over a hundred years the anticolonial politics (and poetics) of Césaire, Fanon, and Sartre. Translated here for the first time, Vastey's forceful unveiling of the colonial system will be compulsory reading for scholars across the humanities. | |
|  | | T-Kout Star


 Nombre de messages : 225 Localisation : N.Y. Opinion politique : N/A Loisirs : Musique, Lire Date d'inscription : 04/10/2014
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Pompee Valentin de vastey Dim 6 Jan 2019 - 0:13 | |
| Mwen jwen yon interview avek yon ekriven ki ekri liv sou Vastey :
https://newbooksnetwork.com/marlene-daut-baron-de-vastey-and-the-origins-of-black-humanism-palgrave-2017/
P.S. Mwen paka poste sou desktop mwen, mwen oblije poste selman sou cell phone mwen sak fe sa ?
Mwen te esseye voye yon mesaj pou ou mwen paka ,. | |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages : 16894 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pompee Valentin de vastey Dim 6 Jan 2019 - 8:13 | |
| Ou tande ENTEVYOU MARLENE DAUT an ki pwofese lan INIVESITE VIRGINIA an.
Mwen gade PRI LIV lan sou AMAZON ,se preske 100 DOLA ,se pou plis BIBLIYOTEK INIVESITE yo,petet PRI an a desann.
Sa mwen twouve DWOL ,de NEG tankou FRANTZ FANON,AIME CESAIRE menm JEAN PAUL SARTRE di ke yo te ENFLIYANSE pa VASTEY.
Sa ki DWOL lan AYISYEN pa konnen li.REZON an ,tankou m te di l anvan ,se paske BARON DE VASTEY te demantle SISTEM KOLONYAL ak ESKLAVAJIS FRANSE an.
Misye te "SAVAJE" mesye PETION ak BOYER yo e li te deja predi ke jan NEG sa yo ap tann sa KOLONYALIS yo panse de yo,se yon RESET pou DEZAS. Apre lanmo l an 1820 ,BOYER ak ERITYE l yo te mete yon BLACKOUT sou sa li EKRI,e misye te EKRI anpil.
Peyi an se ERITYE jis jounen Jodi an ,POLITIK BOYER an.
BARON DE VASTEY ,te kwe lan KREYE LEKOL ,se limenm ki te deye POLITIK EDIKASYON CRISTOPHE lan.
Marlene Daut
Baron de Vastey and the Origins of Black Atlantic Humanism
Palgrave 2017 February 6, 2018 Dan Livesay In Baron de Vastey and the Origins of Black Atlantic Humanism (Palgrave, 2017), Marlene Daut helps to resurrect the life and writings of one of Haiti’s most influential thinkers. Baron de Vastey is perhaps best known as Henri Christophe’s secretary in the years after Haitian independence. Within that position, Vastey wrote extensively on the new Haitian state, the indescribable horrors of slavery and colonization, and the fallacy of racial prejudice. As Daut explains, Vastey was at the vanguard of black intellectual expression in the Americas, particularly in his deconstruction of colonial oppression. Her book helps to situate Vastey within the complex historical and literary world of post-independence Haiti, and offers a fresh take on the intellectual contributions of the Caribbean’s first black state.
Audio Player
podcast: Download (Duration: 47:24 — 43.4MB)
BARON DE VASTEY te toujou ap di ke pa gen REZON pou AYITI pa t ka menm jan ak PEYI KOLONYAL yo ,tankou LA FRANS,LANGLETE etc e pou AYITI vin tankou yo ,se ak EDIKASYON.
POMPEE VALENTIN se te konseye DESSALINES tou,li t ap travay lan KABINE DESSALINES lan ak PIERRE VERNET. Sa vle di ke si DESSALINES te rete vivan ,li ta kapab KREYE LEKOL menm jan ak KRISTOF. Yon POLITIK ki te sispann ,apre OBSKIRANTIS ,yo te rele BOYER an ,te pran KONTWOL PEYI AN.
Marlene Daut
Baron de Vastey et les origines de l'humanisme de l'Atlantique noir
Palgrave 2017 6 février 2018 Dan Livesay
Dans Baron de Vastey et les origines de l’humanisme de l’Atlantique noir (Palgrave, 2017), Marlene Daut aide à ressusciter la vie et les écrits de l’un des penseurs les plus influents d’Haïti. Le Baron de Vastey est peut-être mieux connu comme secrétaire d’Henri Christophe dans les années qui ont suivi l’indépendance d’Haïti. Dans cette position, Vastey a beaucoup écrit sur le nouvel État haïtien, sur les horreurs indescriptibles de l'esclavage et de la colonisation et sur la fausseté des préjugés raciaux. Comme l'explique Daut, Vastey était à l'avant-garde de l'expression intellectuelle noire dans les Amériques, en particulier dans la déconstruction de l'oppression coloniale. Son livre aide à situer Vastey dans le monde historique et littéraire complexe d’Haïti après l’indépendance et offre une nouvelle interprétation des contributions intellectuelles du premier État noir des Caraïbes.
| |
|  | | T-Kout Star


 Nombre de messages : 225 Localisation : N.Y. Opinion politique : N/A Loisirs : Musique, Lire Date d'inscription : 04/10/2014
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Pompee Valentin de vastey Dim 6 Jan 2019 - 13:04 | |
| P.S. Mwen paka poste sou desktop mwen, mwen oblije poste selman sou cell phone mwen sak fe sa ?
Mwen te esseye voye yon mesaj pou ou mwen paka pab, pou kisa ?
| |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages : 16894 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pompee Valentin de vastey Dim 6 Jan 2019 - 16:41 | |
| T-KOUT
Gen anpil MOUN ,se sou INYORANS yo parye,alos yo fe tout sa k posib pou anpeche MOUN diskite.
Mwen pa konnen sa k fe ou paka poste ak desktop ou,men si sa rive lot MOUN ,gen "mischief" ki ap fet.
Se pa Jodi an NEG ap chache kreye PWOBLEM pou SIT sa a. | |
|  | | Contenu sponsorisé
 | Sujet: Re: Pompee Valentin de vastey  | |
| |
|  | | | Pompee Valentin de vastey | |
|
| Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |