Mwen konprann sa w vle di.
Te gen ATIS PENT,men mwen pa konnen si TOUSEN ak DESALIN te poze pou POTRE.
Gade konbyen reprezantasyon TOUSEN ki genyen.
DESALIN menm ,mwen li plizye kote ke MANMAN l se te yon ENDYEN.Te gen genyen kek ladan yo ki te rete lan KOTE REKILE yo.Yo te fe PITIT ak NEG MAWON yo .
Yo di ke DESALIN se te yon NEG ki te genyen yon KOULE WOUJ FONSE ,mwen bliye koman yo te rele KOULE sa a.
Desalin te gen KONTAK ak KOMINOTE ENDYEN MAWON yo.Se pa pa AZA ke an 1804 ke MISYE te rele PEYI an AYITI ,NON ke ENDYEN yo te bay ZILE an.
Gen MOUN ki di ke AYITI se yon MO AFRIKEN ki vle di "PA OBEYI" men mwen pa konnen si se yon ESPEKILASYON.
Kanta de NEG tankou PETION ak BOYER ,se posib ke yo te POZE,men gen MOUN ki rapote ke NEG sa yo te gen "TET GRENN" byen ke yo te KLE.
Yo te vle paret pi "MILAT" ke yo te ye.
Se yon PRATIK ki te TRE KOMEN lakay DOMINIKEN ki te rache ENDEPANDANS yo lan men noumenm AYISYEN yo.