Diskou FRITZ DESHOMMES lan ,REKTE INIVESITE DETA an,ase enteresan.
Lan Diskou an ,DESHOMMES mansyone SOULOUK.
Ou pa ka pale de SOULOUK ,san w pa mansyone LYSIUS SALOMON.SALOMON ki te pitit yon MATINIKE ,li pa kle si l te vini ann AYITI kom ESKLAV ou byen kom AFRANCHI.
Pwobableman kom AFRANCHI ,paske misye sanble l te konn li ak ekri e li te youn lan NEG ki te pi RICH lan DEPATMAN SID lan.
PIERRE ETIENNE SALOMON te fe vi l ak konbat ENFLIYANS MILAT lan DEPATMAN SID lan ,misye se te youn lan RA FANMI "NWA ki te RICH e ki te enstwi.
Apre TRIYONF MOUVMAN 1843 a ,LYSIUS SALOMON t ap pwoteste paske CHARLES RIVIERE HERARD te aksepte pou l yon DOUBLI pou "MILAT" tankou FRE ARDOUIN yo ,HERARD DUMESLE elt.
CHARLES RIVIERE HERARD te egzile LYSIUS SALOMON an 1843,lan NEYBA pou debarase l de li
An 1859,le menm NEG yo te konprann yo t ap fe SOULOUK menm jan ke yo te fe RIVIERE HERARD,PIERROT,PHILIPPE GUERRIER elt.
SOULOUK voye chache LYSIUS SALOMON ki te vin tankou yon PREMYE MINIS.
SOULOUK nonmen LYSIUS SALOMON,MINISFINANS,KOMES,JISTIS,EDIKASYON ak KILT.
Li te kimile tout FONKSYON yon sel KOU.
SALOMON te "slow down" yon zafe KONKODA ak LEGLIZ KATOLIK ki t ap pale.Li pa t vle livre PEYI an bay LEGLIZ KATOLIK.
Yon bagay ki te fet IMEDYATMAN apre GEFFRARD te jete SOULOUK ,bagay ke nou kontinye ap peye pou li.
Ti PASAJ LAN DISKOU FRITZ DESHOMMES lan:
http://potomitan.info/ayiti/deshommes/drapo_2019.php
Ki sa sa vle di? Sa vle di pwojè zansèt nou yo te mete yo dakò sou li a nan dat 18 me 1803 nan Kongrè Akayè a e ki rete nan wout la, an n reyalize l. An nou fè l rive jis nan bout li. Sa vle di: an nou deside konstwi ansanm yon peyi pou nou tout. An nou mete tout fòs nou, tout volonte n, tout kapasite n, pou kreye yon veritab nasyon kote tout moun se moun, tout moun gen dwa, tout moun gen devwa. Kote tout moun ka manje, bwe, dòmi, jwenn edikasyon, lasante, travay, sekirite, elatriye.
Men kesyon sa a pa piti non. Se pou tèt li wi yo pa t ezite sakrifye papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines, epi fè silans sou non l pandan 40 lane. Papa Nasyon an wi!!!.
Eske n sonje ki prezidan yo plis pase nan betiz, nan tout listwa peyi a? Li rele Faustin Soulouque!!! Anben, Soulouque se premye dirijan apre Dessalines ki te adopte mezi ekonomik an favè moun ki pi pòv yo. Pou anpeche “mèt peyi yo” fè plis move lajan sou do majorite a.!!!
Eske n konnen ki prezidan yo pi imilye nan peyi d Ayiti? Sèl prezidan ki ale nan egzil yo pimpe tounen trapde epi yo jije l, yo kondane l, yo fizye l sou laplas piblik? Sylvain Salnave, yonn nan ra prezidan ki te montre anpil preokipasyon pou byennet popilasyon pòv la.
An n vanse. Yo ka di pawòl Dessalines, Soulouque, Salnave, se pawòl ansyen tan. Nou nan yon lòt epòk konnye la a.
An nou pran yon istwa ki pi pre. Nou papral two lwen an aryè. Nou ka menm rete nan moman prezan an. An 1986, nou goumen, nou kraze yon diktati bout di. Nan okazyon sa a, tout peyi a leve kanpe pou l di ki mòd peyi l vle. Pawòl «peyi pou nou tout» la tounen pi rèd. Nou mande yon lòt Leta. Yon Leta nan sevis tout popilasyon an. Se te premye fwa depi 1803 tout fòs tout peyi a tout kote nan tout kwen ak tout dyaspora a te mobilize dèyè lide sa a.