Pou nou pale BIZNIS.
Sa nou rele BOUJWA ann AYITI ,pa merite pou nou pale de yo,paske se o depan de LETA y ap viv;se yon sot de SOSYALISM a LANVE.
Pou nou kontinye,gen anpil MOUN ki konn ap mande sa LA CHINE ap fe lan ti zile lan KARAYIB yo.
Wi la CHINE ap chache kote pou l vann pwodwi li yo,men lan KARAYIB lan se bon TANPERATI l ap chache pou l konstwi KONPLEKS TOURISTIK,ou pa menm bezwen gen MATYE PREMYE.
Yon bagay nou gen ann AYITI ,se TANPERATI.Se ekstreman rarman ke TANPERATI ann AYITI an "reach" 100 degre FAHRENHEIT.
LA CHINE ap chache kote pou l konstwi KONPLEKS TOURISTIK pou KLAS MWAYENN li an ki deja depase 400 milyon (4 san milyon) e ki kontinye ap gwosi.
La CHINE deja fe TI ZILE " LA DOMINIQUE" kado yon LOPITAL ILTRA MODERN ak yon ESTADYOM tou fre,tou founi pou kite l bati yon KONPLEKS TOURISTIK.
LA DOMINIQUE,ti zile "endepandan" ant MATINIK ak LA GWADLOUP ,menm gwose ak LA GONAV e li gen mwens MOUN la dan l.