Se sevel wowot,opotinis yo ki ta fe misye konfyans.
Misye pa bezwen bagay yo chanje vre;si l we bagay yo soti pou yo chanje tout bon vre ,li ap youn lan premye ki ap devan bann.
Neg tankou Boulos,Apaid elt se tankou OLIGAK AMERIKEN lan tounan 19yem,20yem syek lan yo ye.
Neg tankou JOHN D.ROCKEFELLER,J.P MORGAN ,ANDREW CARNEGIE .Neg sa yo te saj le THEODORE ROOSEVELT te vle kase MONOPOL yo.
Pou montre ki jan NEG sa yo te RICH.Le gouvenman ameriken lan lanne 1890s yo te vle prete LAJAN se lan men J.P MORGAN yo te al prete LAJAN.
Men NEG sa yo te SAJ ,si yo pa t konfome yo ,yo te ka pwovoke yon REVOLISYON tankou sa ki te vini pi ta an 1917 an RISI.
Boujwazi DOMINIKEN ,lan yon degre mwens ,te konfwonte menm bagay lan le BALAGUER te volo ELEKSYON 1994 yo.Yo se te youn lan gwoup ki te fe BALAGUER ak LAME DOMINIKEN an fe bak.
Yo te SAJ ,paske depi 1996 EKONOMI DOMINIKEN an ,ak SOSYAL DEMOKRAT yo,se EKONOMI ki pi pefoman lan zon KARAYIB lan.
Boujwazi DOMINIKEN an gen apatenans,pa nou an sanble li pa genyen.
Se la pwoblem lan ye!!!!!