MAK;
Se tan pedi pou koute BOULOS.Diskou limenm ak asosye l yo pa diferan de diskou yo an 2004 ,lan "NOUVEAU CONTRAT SOCIAL" lan.
Fanmi sa yo ke NICHOLLS dekri lan "FROM DESSALINES TO DUVALIER" domine EKONOMI ak POLITIK lan.BOULOS te deye POT ,kounye an li vle kanpe devan pot lan.
Nicholls te nonmen non FANMI ke DIVALYE te chwazi li menm pou l te konbat BOUJWAZI TRADISYONEL MILAT lan.
Se te BOULOS,APAID,DEEB,ASSAD.
Diskou BOULOS lan ,yon ti jan chanje ,paske li pe pou pa gen "danger dans la demeure" ak MILYON AFAME ki pa ka tann,sa pa vle di ke yon NEG tankou BOULOS chanje;li difisil pou NEG sa yo chanje;tre difisil