Nombre de messages : 17006 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
Sujet: Ki sa pou espere de yon gouvenman TRANZISYON Jeu 28 Nov 2019 - 8:05
Jovnel pa kontwole anyen anko.Moun lan gouvenman misye si se pa ak yon paket sekirite y ap deplase pa ka deplase ditou.
JOVNEL se kapab premye "prezidan" ki pa kapab sikile ,ale kote li vle ,ak gwo SEKIRITE ou pa.
Tout MOUN reyalize ke se yon SITIYASYON ki pa ka dire,mwen byen kwe ke GOUVENMAN AMERIKEN ki ap soutni misye ,reyalize sa.
Alos ,ap gen yon gouvenman TRANZISYON.Ki sa nou ka espere. Se pou PEP AYISYEN an fe tout LEPANDYE espere antre lan GOUVENMAN pou yo fe lajan ,pou yo kanpe lwen.
Si pou gen komite,se pou gen komite pou kontwole ki jan LAJAN PEYI an ap depanse.
Pa ta gen pwoblem pou DYASPORA a ta kontinye peye TAKS sou APEL TELEFONIK yo,men se pou TAKS ale lan KONSTWI LEKOL e prepare PWOFESE. Se bagay ki pi IJAN lan PEYI. Kote sa a tou ,se al chache kote tout PWOPRIYETE LETA yo ,sitou MACHIN LETA yo;pinga yon dola VET al gaspiye al achte lot OTO pou LETA.
Gen anpil bagay ki ka fet,san PEYI an pa bezwen tann ED PEYI ETRANJE.Si yo vle bay ED ya bay li;byen ke PEYI ETRANJE yo pa bay ED ANKO.
Gen lot bagay ki IJAN ki ka fet,youn lan bagay ki enpotan se veye ABOLOTCHO ki vle rantre lan LETA pou amelyore sitiyasyon EKONOMIK yo!!!!!
Nou pa bliye ke EVO MORALES konstwi yon michan TELEFERIK KI KOUTE mwens ke 200 MILYON DOLA ki dezanklave VIL LA PAZ ak FOBOU li yo. Gen MOUN ki ka di se anpi LAJAN ,men nou ka remake ke BIDJE SENA ak LA CHANM se plis ke 7 MILYA GOUD. Ak yon TO ECHANJ de menm 100G pou yon DOLA ,se 70 MILYON DOLA.
Dapre NEW YORK TIMES,sistem TELEFERIK lan LA PAZ lan se pi gwo SISTEM TELEFERIK lan MOND lan.Chak fwa gouvenman BOLIVYEN an te kapab ,li ajoute 2 ou 3 STOP.Li pa bezwen fouye anba TE an:
Ki sa pou espere de yon gouvenman TRANZISYON
Page 1 sur 1
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum