Thunder Super Star


 Nombre de messages : 4690 Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Kòman nou ye? Jeu 23 Avr 2020 - 18:47 | |
| Mesye! Pou chans konsa mwen monte sou sit lan, mwen wè ke nou la. Mesye e dam, kòman nou ye? Sa fè lontan wi. Joel, Marc, Kakakok, kote Sans Malice, Rico, ak anpil lòt ke mwen pa site non yo, men yo lan panse m. Mwen swete ke nou tout anfòm. | |
|
Marc H Super Star


 Nombre de messages : 9619 Localisation : Quebec Opinion politique : Démocrate Loisirs : soccer Date d'inscription : 28/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le voyeur
 | Sujet: Re: Kòman nou ye? Jeu 23 Avr 2020 - 23:09 | |
| Bonjou Thunder
Mwen kontan tande w . Nou la . Fowom la . Mwen konnen anpil ansyen partisipan yo toujou vini jete on oeil sou fowom la , mensi yo pa poste anyen. Antouka mesi deske w t pase dinou on ti bonjou .
Sans malice va bien , il va feter ses 81e anivesè Joel , pa lage nou ditou Kakakok toujou saj ..lol Rico kap viv nan monreal , mwen pa janm tande misye . Mwen espere ke misye an bonn sante . | |
|
Joel Super Star

 Nombre de messages : 16894 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Kòman nou ye? Ven 24 Avr 2020 - 15:08 | |
| Si gen yon NEG mwen manke sou fowom lan ,se oumenm THUNDER.
Nou te toujou plis an DEZAKO ke nou DAKO;mwen te renmen sa.
Ou pa t janm lan manke moun DEGA tankou lot ENTEVENAN sou FOWOM lan. Jan pawol lan di ,"BARIK VID FE PLIS BRI KE BARIK PLEN"
Epitou ,yon lot bagay mwen te apresye lakay ou;ou ekri KREYOL BYEN.
Pou noumenm ,FOWOM lan plis ede nou;paske le yon MOUN rive lan LAJ nou,si maladi pa ale ak ou ,se ALZHEIMER.
Mwen kontan tande ou li ,ke w ANFOM!!!!! | |
|