Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  ÉvènementsÉvènements  PublicationsPublications  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  Connexion  
Le Deal du moment : -45%
Chaussure Nike Shox TL pour Homme à -39%
Voir le deal
94

 

 BRAVO-DE GRAFF resi reponn ROBERT B. ORIOL

Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 16725
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

BRAVO-DE GRAFF resi reponn ROBERT B. ORIOL  Empty
MessageSujet: BRAVO-DE GRAFF resi reponn ROBERT B. ORIOL    BRAVO-DE GRAFF resi reponn ROBERT B. ORIOL  EmptySam 1 Aoû 2020 - 13:49

Depi kek tan gen JOUNAL ann AYITI ki ap pibliye rans ROBERT BENNET ORIOL yo ki ap di AYITI gen 2 LANG.

AYITI pa t janm gen 2 LANG,se yon sel LANG AYITI te toujou genyen;ke KONSTITISYON 1987 di ke gen 2 LANG ann AYITI.

Ki MOUN ki te ekri KONSTITISYON sa a?

De moun tankou madan MANIGAT,REYNOLD GEORGES,GEORGES MICHEL sou yon GOUVENMAN MILITE ILTRA-REYAKSYONE?

ADYE!!!!

De GRAFF mete pou RBO:
Byen ke ,lan opinyon m,mwen doute ke ROBERT BERROUET gen RESOUS pou l ta antre lan POLEMIK ak Dr DEGRAFF.
De GRAFF se PWOFESE LENGWISTIK lan MIT ki rekonet kom premye inivesite lan LENGWISTIK sou PLANET lan

http://potomitan.info/ayiti/degraff/stem.php



Apèl konsènan glosè ak lòt zouti pou lang kreyòl la:
Inisyativ MIT-Ayiti ap chache lengwis, tèminològ
ak tout kalte edikatè ki gen jèvrin — pou n kole zepòl
nan bati lekòl tèt an wo

Michel DeGraff
Pwofesè Lengwistik, Massachusetts Institute of Technology
Fondatè e Direktè, Inisyativ MIT-Ayiti
Manm fondatè, Akademi Kreyòl Ayisyen

Se tout ekip MIT-Ayiti a ansanm ak Platfòm MIT-Ayiti k ap remèsye Lengwis-Tèminològ Robert Berrouët-Oriol (RBO) dèske atik li a nan jounal Le National («Le traitement lexicographique dans le 'Glossary of STEM terms from the MIT-Haiti Initiative», 21 jiyè 2020) ban nou yon lòt opòtinite pou n esplike ki sa Platfòm MIT-Ayiti a ye e ki jan nou nan kole zepòl ak tèt ansanm pou n ede nan bati yon sistèm lekòl tèt an wo pou yon demen miyò ann Ayiti e tou patou nan ansyen ak nouvo koloni yo.

Nan tout dokiman n ekri sou Inisyativ la, nou toujou aklè ki sa objektif nou ye. Modèl pa nou se yon modèl ki dinamik e ki entèraktif, nan tout dimansyon Inisyativ la. Nou ka wè detay yo nan atik sa a, pa egzanp — ki se youn pami plizyè atik ke m ekri an kreyòl pou m esplike objektif Inisyativ la:

https://www.facebook.com/michel.degraff/posts/10155210971168872

Atik sa yo sou sit mwen nan MIT (kote nou pibliye an kreyòl, franse, angle ak espayòl) esplike aklè ki sa ki twa pilye nan Inisyativ MIT-Ayiti: pedagoji patisipatif; lang nasyonal peyi d Ayiti (egal: kreyòl) ki se sèl lang ki ka ede tout aprenan antre fon nan pratik aprantisaj aktif; tout kalte teknoloji ki ka kore teknik aprantisaj aktif. Objektif final la se kreye fondasyon ki solid pou lekòl tèt an wo—pou Ayiti cheri nou an ka tèt an wo.

Nan dosye leksik la, sa n te fè se kreye yon zouti dinamik ki ka sèvi kòm glosè pou tradiksyon nan domenn syantifik. Se pou sa nou te envite patisipan nan atelye MIT-Ayiti yo (plis pase 250 anseyan) pou yo pwopoze chwa leksikal pa yo nan matematik epi nan divès domenn syantifik epi nou te brase lide sou chwa sa yo pou n pwodui materyèl ki djanm pou ansèyman. Se metòd sa a nou panse k ap bay lang kreyòl la pi plis jèvrin.

Sou plan sa a, RBO fè yon gwo erè nan analiz li — sa nou rele an franse «erreur de catégorie» (ann angle: «category mistake»).  Se paske mwen kwè nan bon jan metòd syantifik ki fè fòk mwen ensiste sou konsekans erè sa a nan jan RBO analize glosè MIT-Ayiti a. RBO analize glosè MIT-Ayiti a kòm si se ta yon diksyonè, alòs ke se pa menm glosè MIT-Ayiti ye — se pa sa ditou pyès. Glosè MIT-Ayiti a se yon zouti dinamik e entèraktif pou tradiksyon nan domenn syantifik kote, trè souvan, n oblije ap envante nouvo tèm teknik pou n bay lang kreyòl la pi plis jèvrin pou n anseye lasyans. Se pou sa menm se yon travay ki dinamik, ki entèraktif e ki mande pou n toujou ap revize rezilta travay la pou l ka pi djanm toujou. Glosè sa a se yon resous ki «demokratik» nan sans ke n toujou chache entegre fidbak anseyan ann Ayiti ak lòt bò dlo k ap anseye matematik ak lasyans an kreyòl.  Sa se pa metòd pou travay diksyonè, non! Èske RBO ta kritike metodoloji tradiksyon otomatik nan Google Translate selon kritè li prezante pou diksyonè tradisyonèl yo? Malerezman, RBO pa konprann kalte objektif sa yo k ap sèvi pou n bay lang kreyò la jèvrin nan domenn syantifik. Se la menm erè fondamantal RBO a chita. Genlè se paske RBO pa fin konprann lang kreyòl la oswa l gen yon lòt ajannda ki mande l fè atak pèsonèl sa yo ki soti nan jalouzi ak rayisman (se sa nou ka wè nan dènye paragraf atik li a nan Le National kote RBO ap plenyen de finansman Inisyativ la jwenn).

Nou menm lengwis ak syantifik nan Inisyativ MIT-Ayiti nou pa te janm gen objektif pou n kreye diksyonè fòmèl pou lang kreyòl la (sa se pa te janm objektif pa nou ditou pyès). Nou pa te gen okenn anbisyon pou n enpoze nouvo leksik pou lang kreyòl la. Travay pa nou se akeyi inovasyon patisipan nou yo epi ranfòse epi bati sou kreyativite anseyan ak aprenan. Se sa modèl lekòl tèt an wo a ye selon prensip patisipatif ki demontre bon jan rezilta nan aktivite syantifik.

Ki fè mwen ak Pwòf Paul Belony, ki te kowòdone travay sou glosè a, apresye fidbak RBO sou kontni glosè a. Paul avè m ap gade ki jan n ka sèvi ak fidbak RBO pou glosè nou an ka vin pi djanm toujou.

Men, kanmenm, se regretan dèske Lengwis-Tèminològ RBO pa konprann lang nasyonal peyi d Ayiti (ki se kreyòl = «sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm» selon Atik 5 manman lwa peyi a). Epi tou se regretan RBO pa ko janm sispann «pale franse» («pale franse» nan sans pwovèb la ki vle di «bay manti, fè demagoji») nan jounal Le National.  Mezanmi, èske jounal la pa gen moun k ap verifye pawòl nan atik l ap pibliye yo (genlè pa gen «fact-checking» nan Le National ... Woy!)

Epi tou, genlè RBO (nan atik li piblye nan Le National nan dat 28 jiyè 2020 sou «Dictionnaires et lexiques créole») pa menm reyalize enpòtans pawòl kreyòl ki mande pou n «sispann pale franse!» nan yon sosyete kote, trè souvan, «pale franse» egal «bay manti, fè demagoji». Pawòl «sispann pale franse» sa a se pa pawòl mwen, non. Se sa lengwis ak leksikològ ki konn metye yo rele pwovèb—ki vle di sa se pawòl ki chita nan repètwa tradisyonèl popilasyon ki pale kreyòl la e se yon pawòl ki chaje ak pinga ladan selon esperyans popilasyon an. Se menm popilasyon sa a ki gen yon lòt bèl pwovèb ki di kon sa: «kreyòl se lang rasin, franse se lang achte». Pwovèb sa yo soti nan bouch yon popilasyon kote pifò moun se sèl lang kreyòl la ki rele yo chè mèt chè mètrès epi, pami moun ki pale franse yo, gen twòp ladan yo ki konn pran lang franse a kòm zouti pou dominasyon ki sèvi ak blòf kòm estrateji politik.

Gen yon lòt pwovèb kreyòl ki di «pale franse pa vle di lespri». Enben, vreman vre, fòk Lengwis-Tèminològ la ta fouye zo nan kalalou leksik kreyòl la pou l rive konprann pou ki sa fòk li «sispann pale franse» nan kad travay ki dwe fèt pou n bati lekòl tèt an wo pou yon demen miyò ann Ayiti— yon lekòl tèt an wo kote moun ki pale kreyòl gen lespri tou, kòm sa dwa. Sa se yon travay ki mande enèji pozitif nan kole zepòl ak tèt ansanm. Se pa chire pit nan jounal ki pral ede nan kreye liv ak lòt resous pou bon jan ansèyman. Sa n bezwen se enèji pozitif ak kreyativite ki djanm pou kreye bon jan materyèl an kreyòl nan tout disiplin e nan tout nivo. Sa se objektif ki nan nannan Inisyativ MIT-Ayiti.

Se tout rezon sa yo ki fè n oblije kenbe lespwa Lengwis-Tèminològ RBO ava mete kreyòl li djanm djanm pou li vin kontribye nan pwojè MIT-Ayiti a yon fason ki pozitif si l gen kapasite pou sa. Inisyativ sa a se yon konbit lajman laj kote n ap kole zepòl ak tout Ayisyen ak Ayisyèn (Grenadye ak Grenadyèz ki konsekan e k ap chache yon demen miyò sou bon jan fondasyon syantifik).

N espere sa, wi, paske yon lengwis tèminològ ki ta vreman maton nan lang kreyòl la ta ka kontribye anpil resous pou ede nan bati yon sistèm lekòl tèt an wo. Petèt yon jou vyendra lè RBO ava rive jwenn jèvrin ak volonte politik pou l pote kontribisyon ki konkrè nan pwojè pyonye sa a—yon pwojè kote n ap kreye bon jan materyèl ak resous an kreyol pou n pataje konesans san baryè nan peyi d Ayiti.  Kòm li deja ekri yon bann ak yon pakèt paj kritik (nan jounal Le National, Potomitan, e latriye) sou glosè MIT-Ayiti a, petèt l ava jwenn tan ak enèji pou l vin pote kole nan devlope tèminoloji syantifik lang kreyòl la tou.  Se sa menm ki pral ede plis pase 250 anseyan ki deja antre nan konbit nan kad Inisyativ MIT-Ayiti a.

Epi m espere l ava sonje ki jan franse te vin ranplase laten kòm lang pou lasyans nan peyi Lafrans: lè René Descartes te deside ekri Discours sur la méthode an franse nan 17èm syèk pandan syantifik nan epòk sa a t ap ekri an laten, Descartes li menm pa te tann okenn moun vin fè «amenajman» lang franse a. Si Descartes te dwe chita tann «amenajman» lang franse a anvan pou l te ekri Discours sur la méthode an franse, enben, li t ap mouri san li pa janm ekri okenn liv syantifik an franse. Epòk sa a, yo te konn bat etidyan nan inivèsite a Pari si yo te bare yo k ap pale franse nan plas laten! Enben, se modèl Descartes la nou menm, nan MIT-Ayiti ap suiv, pou kreyòl la ka rive sèvi kòm sa dwa pou ansèyman tout matyè nan tout nivo.

Ann atandan, n ap tout pwofite bay Lengwis-Tèminològ la yon ti ansèyman sou lang kreyòl la, an 5 leson, epi n mete foto paj MIT-Ayiti pou n ede l konprann lang kreyòl la:

LESON #1 : RBO di kon sa Platfòm MIT-Ayiti se nan Lekòl Kominotè Matènwa, Haiti (LKM) n ap feraye.

MIT-Ayiti ak LKM nan kole zepòl depi byen lontan, wi. Men, se pa la sèlman n ap travay. Genlè RBO pa rive konprann deskripsyon pwojè a ki ekri an kreyòl nan paj sa a kote n esplike Platfòm lan se yon konbit lajman laj pou tout edikatè ki kwè nan mouvman kreyòl la kit se ann Ayiti, kit se lòt bò dlo:

http://MIT-Ayiti.NET/sa-n-ap-fe
http://MIT-Ayiti.NET/apel.

LESON #2 : RBO repete an plizyè fwa «il n’est pas non plus renseigné sur la méthodologie d’élaboration de ce lexique ni sur ses auteurs».

E poutan, men sa n ap jwenn nan paragraf ki entwodui zouti a: «Glosè pou tèm teknik ki sèvi nan atelye S.T.En.M. MIT-Ayiti yo: Sa se yon dokiman ki dinamik: nou toujou ap edite glosè sa a selon fidbak ke n jwenn sou teren, nan atelye MIT-Ayiti yo. Se Pwof Paul Belony nan Inisyativ MIT-Ayiti ki dirije efò pou n òganize glosè sa a epi se plis pase 250 anseyan sa yo k ap patisipe nan atelye MIT-Ayiti depi 2012 k ap ede nan devlòpman glosè sa a. Mèsi anpil Paul ansanm ak tout lòt edikatè pyonye sa yo k ap ede nan bay lang kreyòl la jèvrin pou l kontinye laji wout konesans pou tout popilasyon an.».

LESON #3: RBO mande: «La nomenclature de ce «Glossary» comprend 859 entrées: pourquoi pas 2 500 ou 7 130? En quoi la nomenclature de ce document est-il représentatif des besoins langagiers réels et identifiés des apprenants unilingues créolophones dans l’apprentissage des sciences et des techniques dans l’Haïti de 2020?».

La tou, repons lan klè nan paragraf byen kout ki entwodui zouti a: «Sa se yon dokiman ki dinamik: nou toujou ap edite glosè sa a selon fidbak ke n jwenn sou teren, nan atelye MIT-Ayiti yo.»

LESON #4: RBO plenyen «les auteurs des équivalents créoles du «Glossary of STEM terms from the MIT – Haïti Initiative» ne sont pas identifiés».

E poutan, pawòl sa klè kou dlo kòk nan entwodiksyon zouti MIT-Ayiti a: «Se Pwòf Paul Belony nan Inisyativ MIT-Ayiti ki dirije efò pou n òganize glosè sa a epi se plis pase 250 anseyan sa yo k ap patisipe nan atelye MIT-Ayiti depi 2012 k ap ede nan devlòpman glosè sa a».

LESON #5: RBO plenyen dèske nou rele dokiman nou an «glosè» olye pou n ta rele l «leksik».

Men, genlè Lengwis Tèminològ la gentan bliye youn nan sans teknik mo «glosè» a nan lengwistik. Wi, nan kontèks sa a, n itilize mo «glosè» a nan sans teknik (lengwistik) kote yon glosè se yon lis paralèl mo nan 2 lang kote lis sa a tabli korespondans kif kif pou tradiksyon ant 2 lang sa yo (nan ka pa nou, se kreyòl ak angle). Wi, nou konn sans teknik mo «leksik» la tou. Men, se pa sans sa a nou t ap chache. Kontèks ki nan entwodiksyon glosè a ta dwe rann sans teknik la klè pou lengwis parèy nou ki abitye wè itilizasyon glosè sa yo (egal: ekivalans ant mo oswa gwoup mo nan 2 lang — «interlinear gloss» ann angle) nan atik lengwistik ki pibliye nan jounal syantifik (tankou jounal Language ki se jounal syantifik Linguistic Society of America) Kòm lengwis-tèminològ, fòk RBO ta chache abònman nan jounal syantifik sa yo pou l ka jwenn bon jan konesans sou vokabilè teknik ki sèvi nan syans lengwistik.
Vreman vre, apre nou fin dokimante tout erè sa yo nan atik RBO a (e nou wè menm kalte erè sa yo nan lòt atik RBO ki pibliye nan Le National) nou pa fouti sèten si Lengwis Tèminològ la gen konpetans wo nivo ni nan lengwistik ni nan lang kreyòl la. Men, nou p ap dekouraje, non. N espere RBO, kòm lengwis tèminològ, ava rive jwenn jèvrin lengwistik e syantifik ki nesesè pou l vin kontribye bon jan tèminoloji nan Inisyativ MIT-Ayiti. Jan n te esplike sa nan entwodiksyon zouti a: «Nou toujou ap edite glosè sa a selon fidbak ke n jwenn sou teren, nan atelye MIT-Ayiti yo». Kòm Platfòm nou an se yon gran konbit k ap akeyi kontribisyon tou patou, n ap kontan jwenn kontribisyon Lengwis Tèminològ la tou, depi li ka kontribye materyèl ki djanm djanm an kreyòl selon kad Inisyativ la.

Men anpil, chay pa lou ! Grenadye, Alaso !!!    

http://MIT-Ayiti.NET/apel-pou-kontribite

https://www.facebook.com/mithaiti/posts/1195346567483339

Tèks Anekse

Viré monté

Les articles récents:
Apèl konsènan glosè ak lòt zouti pou lang kreyòl la: Inisyativ MIT-Ayiti ap chache lengwis, tèminològ ak tout kalte edikatè ki gen jèvrin — pou n kole zepòl nan bati lekòl tèt an wo
Pour Rioux, la fière et noble identité haïtienne serait aujourd’hui en péril
Le traitement lexicographique du créole dans le «Glossary of STEM terms from the MIT – Haïti Initiative»

Le calendrier scolaire de l’apartheid social en Haïti
Revenir en haut Aller en bas
 
BRAVO-DE GRAFF resi reponn ROBERT B. ORIOL
Revenir en haut 
Page 1 sur 1

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: