Evens Dubois
Kesionw poze a te chipote lesprim.Men map eseye konpran a trave istwa peyi sa.Depi le Konpromi 1877 kote ansyen Leta Federal te fe yon dil kote l tap retire Twoup li yo ak kanpe sou rekonstwui Zon Sid la ki te ravaje pandan ge sesesion pou yo te ka rezoud litij eleksion 1876 yo te okazione.Abandon sa ta pral louvri lawout pou epok Jim Crow a.Yon fwa twoup federal yo te rale ko yo,mas nwa ki te libere yo te vin san pwoteksion .Se lan moman sa KKK koumanse ap paret ,anpil abi ,lenchaj ak retire dwa devot lan lan men moun Nwa.Kwak gen yon amandman lan konstitison yon ki rekonet yo kom sitwayen peyi a.Depi le yo fin mete lwa rasis yo jis kan 1954,sa pat deranje pyes moun.Yo toujou prezante Zon no a kom kote liberal ,ki gen plis lespri libere,men yo te obseve apated la tou legliz yo pa ekzanp.Men mouvman dwa sivik yo dwa sivik yo lan ane 60 yo te sipran yo .Men yo te oganize yo pou yo te bay ripo.Dixiecrat yo alye ak yon franj lan pati Repibliken an,te louvri zorey yo byen gran pou te tande Richard Nxon lan kad sa yo te rele "Southern Strategy"a .Tout Dixiecrat a yo rantre lan Pati a.Pandanstan yo pat chome paske yo paka tande ou byen akepte ke Nwa ak lot minorite ta vin jwi menm dwa ak privilej ak yo.Yo pa fel ouvetman kounye a,yo vin adopte yon langaj lis,ki pa choke moun.Yon politikman tre korek.Ronald Regan ke anpil moun admire a vin ak yon kod"State's rights"(Dwa leta yo".)Konsep sa pat nouvo lan 19 vyem syel la li te ala mode pami moun kite fonde Pati Demokrat la,Prezidan eta sesesionis yo te apiye sou li pou mande divos ant sid la ak res Inion an.Selon kwayans moun sa yo Leta yo gen dwa pou kontwole pwop lwa yo.Apre yo virel sou kesion de yon moun gen dwa fe sal vle ,menm jan ak yon biznis ki gen dwa anplwaye moun li vle ,ou byen refize moun li vle.Sou kelke swa biznis lan tankou lan transpo,hotel ,motel ou byen menm lekol.Aplikasion politik neoliberal la ke Ronald Reagan te koumanse aplike frape nwa yo anpil ,paske se kouch ki pi vilneral la e se li ki soufri anpil.Neg yo kwe lan tikal tax,ak mwens entevanion gouvenman an.menm Reagan sa vin avek "Guerre contre la drogue: ki pral pwodui mete lan prizon yon paket moun nwa.A tel pwen gen yon komantate ki te di Ge kont dwog la se yon lot fom Jim Crow.Ki donk sa pata dwe etonew lew konstate ki jan istwa peyi sa bati sou rasi ak opresion.Steve Bannon te anonse lakoule ,gen yon lel tap pale yo menm yo vin ak destriktire leta pou yo kontwole zafe ras la.Pou li se yon ge rasial li ye.Pake si yo bay moun nwa ak lot minorite tout dwa san yo pa kontwole yo, tas blanch lan gen pou etenn.Fok yo kontwole yo.Donald Trump karese moun yo dans le sens du poil pandan kanpay li .lal chache,fouye andedan lespri moun yo pou chita politik li a.Se pa san rezon li te mennen yon kanpay kite chita anpil sou la perez.
_________________
Solidarité et Unité pour sauver Haiti