Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  ÉvènementsÉvènements  PublicationsPublications  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  Connexion  
-40%
Le deal à ne pas rater :
-40% Polo Lacoste – imprimé crocodile – 5 couleurs dispo
72 € 120 €
Voir le deal

 

 Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.

Aller en bas 
+2
Rodlam Sans Malice
Sasaye
6 participants
AuteurMessage
Sasaye
Super Star
Super Star
Sasaye

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 6:57

Sijè Obama ak Jean-Baptiste Point du Sable la vin vire lan yon kestyon NWA ak MILAT.

Mwen louvri fowôm saa pou nou echanje kèk lide sou yon sijè ki toujou parèt tèt li lan pawol ayisyen.

Genyen yon konfizyon lan sijè saa ki gen yon aspè sosyal e yon aspè politik.
Li ta bon pou nou diskite san joure paske pawol saa pap disparèt pou kont li.

Nou tout ta renmen pwoblèm saa disparèt.
Lanpwen solisyon, men yon evolisyon mantal kapab retire prejije sa yo lan sosyete nou.

Men:
1-Genyen pami nou ki kwè ke li disparèt deja.
2-Gen lôt ki konvenki li la toujou.

Ebyen chak gwoup sayo gen rezon yon ti jan men pa totalman.

Onivo polilitik Jowèl gen rezon lè li di pagen diferans ant Maniga e Mireille Diroche-Bètin.

Men mwen kapab di w, paske mwen konnen fanmi Diroche a, ke yo pap fè zanmi ak Maniga pou vin chita lakay yo, al lan piknik ak lan plaj.
Non paske Maniga pa lan klas yo, petèt Maniga gen plis klas ke yo:
Men poutèt koulè Maniga.
E se te gwo pwoblèm Mirey avek Aristid epi Lavalas.
Li te apiye Lafontan, men mouche te fè pati Divalyeris ki te an amony ak boujwa milat yo.

Sa Riko rapote ki te pase lan klib tenis la, se yon reyalite ki la jiskounyea.
Mwen pa ale an Ayiti, men mwen an kontak regilye ak fanmi m ki lan nouvèl jenerasyon ki grandi apre mwen fin pati kite Ayiti.

Yo se pwofesyonèl ki ranje kô yo pou viv byen an Ayiti, malgre la mizè ya p byen mennen. Ebyen, jenn kouzen m nan di m ke bagay eksklizyon akôz de koulè a la toujou. E li pa viktim de sa paske se klas li ki ap pratike bagay saa. Malgre tout agiman mwen voye, msye di m kareman yo paka kite nenpot moun vin lan klib yo oubyen lakay yo.
Se pa yon kestyon de nenpôt moun, men yon kestyon ki moun e se la zangi a kache.

Lide amelyore la ras lan la toujou e si se pa milat, yon ti koulè ede yon nèg file yon fanm e antre lan yon fanmi.

Ameriken gen yon chante ke m pavle site an angle sou sit la. Men li di:
Si w blan, ou ladan.
Si w kle, ou gen yon chans.
Men si w nwa ou pa gen chwa.

Gen yon konsepsyon Ayisyen de sa yo rele milat.

Gen yon sitwayen franse ki marye avèk yon kouzin madam mwen.
Mesye fèt e grandi an Frans. Manman l se yon fransèz blanch, papa l se yon antiyè.
Yon le misye ak madam li vin pase yon wikenn avè k mwen e fanmi m.

Lan pale, misye mansyone ke li se MILAT.
Lè ma p gade yon nèg ki pi fonse pase m, mwen pa menm grimo, mwen ta pral diskite, men mwen komanse reflechi.

Nèg lan te gen rezon, paske definisyon yon milat se yon moun ki gen yon paran nwa ak yon paran blan.

Mwen te rankontre yon zanmi ayisyen ki marye avèk yon kebekwaz.
Misye vin vizite lakay mwen avèk madam li epi yon tipitit gason ki te menm laj ak ti gason pan m nan. Se premye fwa nou te rankontre madanm nan.
Mwen twouve fanm na yon ti jan dwôl, li gade ti gason m nan detanzantan epi m'wè li gen yon bagay ka p pase lan tèt li.

Apre yo ale lakay yo, mwen di madam mwen sa m panse.
Li di m ke fanm nan vin lan kwizinn nan e li mande madam mwen kijan fè ti gason nou an pi klè pase pitit pa l la, nou se de nwa, limenm li se blanch.
Donk pwoblèm saa tout kote.

Men pou mwenmenm, kom ayisyen, yon milat se yon moun ki gen po klè, cheve swa, nen ak bouch ki sanble ak pa blan.

Se sak fè ke Lilyan Pyèpôl pito di ke Obama se metis.
Si Obama te ayisyen, yo ta rele l grif, pa menm grimo, petèt tirouj.
Yo pa tap janm klase Obama kôm milat.
Men si w gade definisyon milat, Obama se yon milat.

Sa m ekri laa, se pou mete enpe pwen si les I.
Mwen pami moun ki ta swete bagay sayo fini an Ayiti.
Men si nou nye yon reyalite, nou pa p janm kapab chanje l.
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star
Rodlam Sans Malice

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 7:47

mwen pa sosyolog ni anthropolog,men tout bagay koulè saa se youn ipokrisi,tankou pwoverb ayisyen an di ,milat pov se nwa neg rich se milat.maryaj jean Claude Duvalier ak michelle bennett la montre ke milat ayisyen ap fè le frekan tou tan li genyen ti lajan kon a fè l pa bon fanm yo ouvri janm yo men lajè pou pran bon jan bwa debenn.Gade ak ki moun O.J Simpson ,Michael jackson ,Tiger Wood.ak anpil lot athlete nwa ki genyen lajan yo marye.

sa fè m sonje youn ofisye nwa kou lank neg o Kap kite marye ak youn milatress jakmel.Premye fwa mwen wè koup saa ki te vinn nan bannann ke nwaris divalyeris yo te transfere l la kom youn pinityon ,byen ke yo di ke cambronne li menm te marye nan menm fanmi yan tou paske l tal marye ak fanm saa mwen ri jis mwen te kriye.Youn maten neg sa sere manmzell an ba bwa li kouri preske toutouni soti nan kay la(lol)Mwen te chita an fas kay yo mwen pete yon sel kout ri ,menm ofisye ya ri tou lè l soti pou l di madanm lan retounen rantre.(loL).
Revenir en haut Aller en bas
Rico
Super Star
Super Star
Rico

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 8:27

Sasaye mwen pa gen pwoblèm ak zafè koulè yon moun. Mwen vle klè tankou dlo kokoye. Rico pa gen pwoblèm jan w di ki byen egziste anko malerezman. E ki pral toujou egziste menm jan nan mond an jeneral selon eksperyans mwen.


Men kote m vle vini se ti peyi tankou Ayiti apre 86 nou vinn gen yon leta ki mennen zafè peyi a ak manipilsayon zafè koulè pou fè kapital politik. Mwen di se vagabondaj yo rele sa. Se enkwayab tout atak byen devwale kont yon klas moun. O pwen sou forom sa se menm relè sayo kap fèt. Mwen di non se danjere , koman nou vle bati yon peyi nan preche dezinyon. Nou gen yon leta kap preche vyolans youn kont lot jis pou fà kapital politik. Mwen di anko vye tenten Otèl Montana se anko menm dinamik rasis olye yon lit politik serye pou genyen yon pouvwa. Kanta zafè Bertin Maniga Aristide nan pwen youn ki meyè pou mwen. Tout se menm moun yo. Tout se boujwa ou lot ti boujwa po klè ou fonse an transfè klas. Alos kote pwoblem lan. Pèp toujou nan tenten.
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17130
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 10:39

Sasaye,

Mwen pa an dezakò totalman ap sa w di an non;men Ozetazini ,bagay sa a yon ti jan diferan.
Premyèman ,Ameriken pa t konn afranchi pitit lè yo te fè l ak yon nwa.Se pa paske se pi bon franse yo te pi bon pase Ameriken yo non;se paske te gen plis blan ke nwa Ozetazini,kididonk yo pa vle vin gonfle bann.
Gen yon listwaryen ki rele MARY CHESTNUT ki te ekri anvan gè sivil lan sou plantasyon Kawolin di Sid ke lè w ale sou plantasyon yo ou jwenn yon pakèt ti esklav san pantalon ki tèt koupe ak fanmi mèt lan.
Se tankou THOMAS JEFFERSON blan save te fè pitit ak esklav li ,misye pa t libere yo.

Epitou Ozetazini ,bagay lan te kodifye ;se la lwa menm ki te di kilès ki te blan,kilès ki te nwa ;ak lejislasyon Eta lan Sid yo te adopte apre gè sivil;zafè 1/16 lan.
E petèt an retrospèk se yon favè yo te fè moun nwa ,paske lan tout peyi lan Amerik ;milat si yo gen chwa ,se avèk blan yo wi yo makonnen.

Kòm nou ap pale de lòt peyi ;lan Kiba ,te gen yon bagay yo te rele "papeles de blanco" ,lè yon blan ,mèt bitasyon te fè yon pitit ak yon esklav ;li annik peye yon taks e "papel" klasifye pitit lan kòm blan;ke po l te fonse ke po l te klè.
E pitit blan sa vin jwi menm privilèj ak tout lòt blan.
Bagay sa a te posib akòz de istwa Espay ak Pòtigal ki diferan de peyo nò Ewòp yo tankou La Frans ak Langletè.

Annou tounen ann Ayiti.Mwenmenm se sou aspè politik lan mwen vle rete;paske milat vini yon pousantaj minim popilasyon an ,paske yo pa ka ekzèse ,ni pran pouvwa politik lan poukont yo.
Aspè sosyolojik lan ,wi li ekziste ,men li pa gen yon gwo enpòtans lan jan m wè bagay lan.

M ap redi l ankò pa genyen diferans ant yon MANIGAT ak yon CARL DENIS pa egzanp.
Eske w te wè nwaris yo te pwoteste lè DENIS te ekri liv li an ,an 1994;lè misye t ap fè alizyon a nwa kreyòl ,ak nwa bosal;ak Ayisyen ki te fèt an Afrik ak Ayisyen ki te fèt lan koloni an ;ak yon pati ayisyen ki katolik e pale franse ,ak lòt ki pale Kreyòl e se vodouyizan.
Se yon bouyon rechofe teyori mesye tankou BEAUBRUN ARDOUIN ak THOMAS MADIOU tankou se pitit blan franse ak esklav yo ki te vre ayisyen.
Eske nwaris yo te pwoteste;yo pa t ap janm fè sa ,paske an 1994 yo te asosye ak milatris yo pou yo te defann koudeta 1991 lan.
Pito m rete la
Revenir en haut Aller en bas
Sasaye
Super Star
Super Star
Sasaye

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 12:32

Mwen satisfe Jowèl rekonèt aspè sosyal la.

Se li ki pi enpotan e nou dwe konbat li non pa lan goumen, men lan sansibilizasyon, paske tout ayisyen afekte pa sa.

Lan klas defavorize yo, moun po fonse ap swete pitit yo marye ak moun po klè ( li pa bezwen milat depi w pi klè), pou amelyore la ras oubyen fanmi yo.

Mwen sonje tou lôt jou, Negrita te vini ak yon sije konsa.

Riko, mwen pa di w gen yon pwoblèm, mwen ta p pale an jeneral e mwen pa gade kote politik seryezman.

Sanmalis, ou konnen moun Bennett yo, kôm moun lan Nô.
Si Janklod pa t prezidan, Michel pa t ap janm marye avèk li.
Mwen konnen istwa saa tou. Gen yon zanmi m kite lan mitan mariaj saa.

Li te gen yon magazen sou Ri Travèsye, enfas magazen Bennett yo.
Kidonk lan vwazinaj, li vinn zanmi moun sayo. Neg saa tou rantre lan gwoup zanmi Janklod yo avèk Michelle.

Dapre sa misye di m. Janklod te lage lan dengonn yon ti sè Michelle.
Se pou m di nèg sayo pa vini an pèsonn, yo voye yon eskoubyèl vinn pote mesaj e fè randevou.
Michelle deside se li ki prale olye de ti sè a. Komm li te pi mètdanm, li pran plas madan prezidan an.

Jiskounyea, si w ale an Ayiti, gen kote lajan w pap pèmèt w antre.
Se yon zanmi enfliyan ki pou fè w antre.
Revenir en haut Aller en bas
Rico
Super Star
Super Star
Rico

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: ontans   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 13:03

Eske nwaris yo te pwoteste;yo pa t ap janm fè sa ,paske an 1994 yo te asosye ak milatris yo pou yo te defann koudeta 1991 lan.
Pito m rete la


Se amalgam sayo nou dwe evite. Ki moun ki fè koudeta se bon ti nèg nwa kap fè politik yo pa vle sèvi doubli anko.Se fini zafè avan 1915 kote ti nèg te konn sèvi potre. Kisa milat ye se ayisyen ki chwazi kan yo ak zanmi yo. Wou rankontre yo nan kan koudetayis yo osi nan kan moun ki di yo nwaris tankou Duvalier Aristid ou anko Preval. YO PA ENBESIL YO KONN ROULE DE BO.

Tout koken kap fè politik gen milat yo. Dayè se yo ki toujou apiye ke Aristid ou Preval mete lajan nan kof yo pou eleksyon. Zafè mete sou do yon klas moun kap defann koudeta pa gen anyen ki nouvo. Men se byen nou majorite ti nèg nwa ki toujou sou pouvwa, nan tout echèl pouvwa sa sitou depi apre Lescot.

Zafè pwente yo toutan drije vyolans kont pèsonn yo sa pa fè sans. Yon leta dwe pwoteje minorite l tankou tout moun. Yon sitwayen onèt kap soulve pasyon mete vi moun konsa an danje, pap rann menm li sèvis. Anbake pèp nan vye pwovokasyon tankou otèl Montana se nwizans pou lapè sosyal ak ekonomik. Mete nwizans pou tourism e latriye. Sispann fè move kalkil politik.
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17130
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 17:51

Rico a écrit:
Eske nwaris yo te pwoteste;yo pa t ap janm fè sa ,paske an 1994 yo te asosye ak milatris yo pou yo te defann koudeta 1991 lan.
Pito m rete la


Se amalgam sayo nou dwe evite. Ki moun ki fè koudeta se bon ti nèg nwa kap fè politik yo pa vle sèvi doubli anko.Se fini zafè avan 1915 kote ti nèg te konn sèvi potre. Kisa milat ye se ayisyen ki chwazi kan yo ak zanmi yo. Wou rankontre yo nan kan koudetayis yo osi nan kan moun ki di yo nwaris tankou Duvalier Aristid ou anko Preval. YO PA ENBESIL YO KONN ROULE DE BO.

Tout koken kap fè politik gen milat yo. Dayè se yo ki toujou apiye ke Aristid ou Preval mete lajan nan kof yo pou eleksyon. Zafè mete sou do yon klas moun kap defann koudeta pa gen anyen ki nouvo. Men se byen nou majorite ti nèg nwa ki toujou sou pouvwa, nan tout echèl pouvwa sa sitou depi apre Lescot.

Zafè pwente yo toutan drije vyolans kont pèsonn yo sa pa fè sans. Yon leta dwe pwoteje minorite l tankou tout moun. Yon sitwayen onèt kap soulve pasyon mete vi moun konsa an danje, pap rann menm li sèvis. Anbake pèp nan vye pwovokasyon tankou otèl Montana se nwizans pou lapè sosyal ak ekonomik. Mete nwizans pou tourism e latriye. Sispann fè move kalkil politik.

Gen yon ti desans RICO,pa mete ARISTIDE lan kan nwaris lan.Se de moun tankou MANIGAT,DE RONCERAY elatriye ki se nwaris.
Aristide pa t janm pale an nwaris ,ou byen dirije an nwaris.
Sasaye,
Mwen te konnen BENNET lè misye te fèt sòti an pwovens.Se espekilatè misye te ye zafè misye pa t pi bon konsa.Mwen kwè se lè misye rantre lan siyaj Baby Doc ,ke misye te vin louvri magazen l yo
Revenir en haut Aller en bas
Doub-Sossis
Super Star
Super Star
Doub-Sossis

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 19:24

Sasayé pawol sayo dépassé lontan. Combe haitien kapab di yo se africain a 100%. Dapré moins a pré konbé siek metissages si yo ta fe yon etud sou ADN popilation haitienne se yon minorité kitap parèt ak 100% genes negroides.

Ap toujou gen des groupuscules refractaires nan yon societé, sa ki important se ke de jou an jou yap vini plus an minorité.
Revenir en haut Aller en bas
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMar 18 Nov 2008 - 23:27

Mesye si se sou afè konpozisyon ADN n ap analize kesyon rasyal la ann Ayiti nou bannann nèt!

Sa n ap diskite la a, se sèlman nan kontèks istorik li, li pran valè. Ayiti se yon nasyon ki kreye nan yon kontèks lagè rasyal. Lagè sa a, se pa chwazi moun ki desandan Afriken yo te chwazi patisipe ladan l. Se ewopeyen yo yomenm tousèl ki te defini tèt yo kom "blan" - yon konsèp ki ekzije esklizivite pou li fonksyone. Se te yon sistèm "sipremasi ak privilèj espesyal" pou "blan". Sa vle di, keseswa jan ou vire koze a, yon moun ki te gen omwens youn nan paran li yo ki te Afriken te devan yon chwa pou li oswa kapote sistèm ki te vle dezimanize paran Afriken li a, oswa li nye paran sa a pou li ka jwi "privilèj espesyal" kondisyon li pèmèt li jwi sou koloni a. Nou deja bay tout kalite egzanp moun ki te ka fè chwa dezonorab la men, ki te chwazi pou yo goumen kont enjistis la pito.

Si nou kite espas istorik sa a, pou nou vini nan tan jodi a. Nou ka di 99% moun k ap viv Ayiti gen zansèt Afriken. Se sèten, tankou tout eta modèn ki akeyi imigran lakay yo, Ayiti gen moun ki sitwayen peyi a men, ki pa gen koneksyon sa a nan fanmi yo. Kit se imigran ki soti Palestin, Izrayèl, Lasiri, Itali, Etazini, Lafrans etc... Moun sa yo se Ayisyen ki gen menm dwa ak tout Ayisyen. Menm jan jounen jodi a Bruni Surin ak Michaelle Jean gen menm dwa ak tout Kanadyen. Men, èske Bruni Surin osnon Michaelle Jean ka anpeche liv listwa, moniman istorik ekatriye Okanada rakonte memwa nasyon sa a ak pèspektiv blan angle ak blan franse ki te fè dappiyanp sou teritwa sa a?

Konsa tou, listwa, moniman, baz fondal natal Ayiti reflete moman tankou 18 novanm ki defini kontèks kreyasyon nasyon Ayisyèn nan. Si im Nasyonal nou an di "Se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo ki te koule" se paske, se konsa sa te ye.

Si jounen jodi a gen Ayisyen ki kite konfizyon boloze nan lespri yo, olye yo asime idantite Ayisyen yo, se yon idantite "milat", "grimo", "bossales", "créoles", "blan", "arab", "melanje", "indio", "sang mélés", "griffe", "marinad", ...."nèg nan no".... se koze moun majinal k ap antere tèt yo pi plis nan majinalite. Depi 18 novanm 1803 tout kesyon sa yo te regle, lè Papa Dessalines (respè pou li tout tan!) te fose ti blan frekan epi sanginè yo te bay pou Danatien Rochambeau a lod pou li degèpi kite zile a ak tout chen kat pat li te mennen vin manje pitit Bondye sou zile a.

Aswè a, anvan yo ale domi toulede tilezanj mwen yo lapriyè, yo aprann di Mèsi Papa Dessalines , Mèsi Kapwa Lamo, Mèsi Sanit Belè pou 18 novanm 1803. Ak sa, mwenmenm tou, mwen pral domi an pè, paske mwen konnen demen lawouze va leve paske sa nou plante - kanmenm - va rekolte!


Ayibobo!

Jaf
Revenir en haut Aller en bas
Sasaye
Super Star
Super Star
Sasaye

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMer 19 Nov 2008 - 1:46

Mwen pa pale de ADN, ni reklame apatenans afriken lan diskisyon saa.
Nou konnen ke san afriken kouri lan venn preske tout ayisyen e sa pa anpeche ke anpil chwazi souvan kote ki bay plis avantaj sosyal ak ekonomik.

Ma p gade yon fenomèn resan kote jenn nou yo ap imite kilti ak abitid lôt peyi.

Ma p pale de yon aberasyon sosyolojik ki byen vivan lan sosyete ayisyèn nan.
Ma p sitiye diskisyon an lan nivo sosylojik selman e li afekte politik tou.
Menmle mwen dako avek agiman Jaf yo, mwen ka di ke moun sa yo ap kontinye sistem ki fe yo jwenn privilej espesyal lan sosyete a e yo pratike eksklizyon pou yo sa kenbe l.

Mwen pa janm renmen wè nèg ap ekskli nèg, men mwen rekonèt ke prejije koulè pèsiste lan mès e lan panse anpil ayisyen.

Mwen ta swete ke sa pa ekziste ankô, men dapre sa m wè, ayisyen ekspôte prejije sa yo tout kote yo ye: Amerik di Nô, Karayib, Erôp elatryie...
Mwen wè lan Nouyok gen klib prive ayisyen ki aksepte manm yo sou kritè koulè kouvri anbachal klas sosyal.

Mwen konnen youn lan Longueil, P.Q.

Mwen pa p pale sèlman de moun ki soti lôt kote.
Ma p pale de yon gwo pwopôsyon lan popilasyon an, anpil ladann yo se nèg a po nwa ki ta pito pitit yo marye ak yon moun ki pi klè.

Se yon konplèks ki pa base sou ras nesesèman, men ki montre ke anpil nèg pa alèz lan po yo.

Mwen gen anpil ekzanp kote gen de fanmi an Ayiti ki aksepte nenpôt blan pou pitit fi yo, san pwoblèm. Aloske yo ta fè difikilte si se yon natifnatal.

Mwen pete gwo lôbèy avèk manm fanmi m, an Ayiti, kote mwen wè yon sitiyasyon konsa.
M pa bezwen di nou fanmi sa yo pa pale avè m ankô.

Mwen pa gen oken misyon lan sijè saa, men kôm detanzantan pawôl saa ap toujou parèt, mwen wè ke anpil ayisyen bouche je yo menmjan nou fè avèk pawôl zonbi oubyen lougawou lan peyi a.
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17130
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. EmptyMer 19 Nov 2008 - 10:19

Doub-Sossis a écrit:
Sasayé pawol sayo dépassé lontan. Combe haitien kapab di yo se africain a 100%. Dapré moins a pré konbé siek metissages si yo ta fe yon etud sou ADN popilation haitienne se yon minorité kitap parèt ak 100% genes negroides.

Ap toujou gen des groupuscules refractaires nan yon societé, sa ki important se ke de jou an jou yap vini plus an minorité.

De ki sa w ap pale la a Doub lan?
Se Ewopeyen yo ki envante kesyon ras lan ,pou yo regle zafè yo.
Konsèp sa a ,mwen kwè JAF se yon biyolojis ,e misye ka di ke se yon konsèp sosyolojik li pa syantifik.
E tankou m te di l anvan,chak peyi lan Amerik lan wè bagay lan jan pa yo.
Yon peyi tankou Brezil,kilès ki blan ladan l si se pa sa k te vini lan ta yo.

Pòti gal se te yon ti peyi ,lè li t ap voye lame swa ann Afrik ou byen lan Amerik lan,li te defann mesye yo ale ak fanm,Bi an sè ke yo pa t vle depeple peyi yo ki lan epòk sa a te gen anviwon 1 milyon moun.Rwa Brezil lan te di kolonis yo ,se pou yo te degaje yo peple kote yo kolonize.
Se youn lan rezon ke Pòtigè yo te enpòte anpil nègès Afriken pou ede yo peple Brezil.
Se sa k fè ansyen prezidan BREZIL lan te di ke 80% Brezilyen genyen omwens yon zansè t Afriken.
E pi pou nèg ki ap denigre orijin Afriken e ki ap pale de orijin Ewopeyen.
Mesye an 1791,3/4 popilasyon esklav yo ,se ann Afrik wi yo te fèt.
JOHN K. THORNTON lan liv li an "African Soldiers in the Haitian Revolution" vini ak dokimantasyon e li eksplike pou kisa se te sa.
Mesye nou pa pi Ewopeyen ke Mozanbiken,moun Angola yo e mwen ta menm di yon Senegalè ou byen yon moun Kòt Divwa;paske lè franse yo te debake lan Senegal an 1885 ,yo pa t kenbe pijon yo lan kanson yo non,se pou yo te degaje yo wi!
Revenir en haut Aller en bas
Contenu sponsorisé




Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty
MessageSujet: Re: Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.   Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo. Empty

Revenir en haut Aller en bas
 
Zafè Nwa ak Milat an Ayiti e lôtbo dlo.
Revenir en haut 
Page 1 sur 1

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: