Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  ÉvènementsÉvènements  PublicationsPublications  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  Connexion  

 

 AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)

Aller en bas 
5 participants
AuteurMessage
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptySam 28 Mar 2009 - 23:26



(tèks ou pral li pi ba a, soti nan seri radyofonik "Griyo Jafrikayiti" ki te pibliye pou premye fwa nan emisyon Randevou Ayisyen sou CKCU F.M. (Carleton University, Ottawa), ant ane 1999 epi 2003 - yon pati nan tèks sa yo pibliye (osnon pral pibliye) nan yon seri listwa sou CD ki batize Lafimen:Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen).

CHAPIT 9 – ENTEGRASYON APRE SEGREGASYON - piblikasyon Oktob 2001 sou CKCU F.M.

Griyo # 51 (Mouvman Etidyan Oudimwens «Revolisyon» 1946)
Citation :
Nou vini nan katechis pou nou debarase nou de tout vye kwayans Lafrik yo epi pou nou aprann kouman bonjan relijyon Bondye a fonksyone.
Kesyon: Lafrik ou jwenn depi ou fèt la, èske li mache kole ak relijyon Bondye a?
Repons: Non! Lafrik ak relijyon sa pa mache ansanm
Kesyon: Poukisa Lafrik pa mache kole ak relijyon Bondye a?
Repons: Lafrik pa kapab mache kole ak relijyon Bondye a, paske Lafrik se lwa yo epi relijyon Bondye a, se Bondye. Yo pa kuit konkonm ak Berejèn.
Kesyon: Kilès Jezikri ye?
Repons: Jezikri se Bondye epi se sovè a. Se limenm ki te soufri, ki mouri pou nou te kapab kite Lafrik.

Kesyon: èske ou rejete Lafrik
Repons: Wi mwen REJETE !


Lasosyete onè,

Kòmalòdinè nou di Granmèt la mèsi daprèzavwa li pèmèt nou rapousuiv pelerinaj nou sou chimen listwa pèp annou.

Sèman katechis nou sot tande la a se limenm pè yo te konn itilize pou teworize peyizan Ayisyen nan ane 1941, 1942 . Li enpòtan ke nou remake kijan mesye yo te itilize mo Lafrik la kòm tokay tout sa ki dyabolik - tout malsite ki merite REJETE. Zak kriminèl sa a, ki pote non «kanpay Rejete» te pase sou gouvènman milat rasis sikofrenik ke Elie Lescot t ap dirije a.

Lafwadènyè nou te avèti ou ke tout atak rasis sa yo ke majorite pèp Ayisyen an t ap sibi nan fon nanm li t a pral gen konsekans enpòtan ni sou lavni politik, ni sou lavni socio-ekonomik peyi a.

Vwalatilpa 7 janvye 1946 grèv etidyan pete nan Pòtoprens. Anvan lontan mouvman grèv etidyan sa a transfòme an leve kanpe jeneralize kont gouvènman an, jouk misye Elie Lescot te sètoblije rache manyòk li, bay tè a blanch.

Kisa ki t ap pase konsa a nan peyi d Ayiti?

Ki lès ki te dèyè grèv etidyan sa a? Èske se peyizan ki te òganize yon rebelyon, tankou ansyen rebelyon kako yo, epi etidyan yo rantre nan mouvman an tou? Èske se politisyen nan lopozisyon ki te monte tèt jèn yo ? oudimwens èske se blan Meriken ak Trujillo ki te deside mare konplo sa a pou mete Lescot atè?

Daprè ni rapòtè Ayisyen, ni rapòtè etranje okenn nan senaryo sa yo pa valab pou eksplike leve kanpe ki fèt 7 janvye 1946 la. Se vre, chirepit te pete ant de diktatè yo, kidonk Trujillo ak Lescot. Men pa gen okenn endikasyon ke Meriken te vle retire Lescot sou pouvwa a. Pou dayè, ki lès ki te ka bay blan Meriken pi bon garanti pase Lescot? Listwaryen Michael Heinl di nou ke Lescot pa t wont li pa t jennen, nan mwa novanm 1942, li te deklare bay yon delegasyon blan Meriken kareman ke: « Pandan tout peryòd lagè sa a (kidonk lagè Etazini ak alye li yo t ap fè kont Lalmay) , gouvènman Etazini a mèt konsidere Ayiti kòm yon senp Eta nan Etazini kote se mwenmenm Elie Lescot ki gouvènè eta sa a». Kidonk, pou kisa Etazini ta anmèkde yon prezidan popetwèl ki di yon koze konsa ak pwòp bouch li ?

Alòs, si se pat Trujillo, se pat blan Meriken, kilès ki te dèyè leve kanpe 7 janvye 1946 la?

Tankou nou te wè sa pi douvan, depi peryòd lokipasyon an, blan Meriken te asire yo ke tout pouvwa te konsantre nan lavil Pòtoprens. Lè blan yo kite peyi a nan ane 1934 pat gen pèsonn ki te gen grad Jeneral nan «Gardes d'Haïti». Alòs p at gen okenn Jeneral kako ki te pra l mobilize peyizan nan Grandans, nan Nò, nan Sid osnon okenn kote nan peyi a. Alòs, mouvman leve kanpe 7 janvye 1946 la, fòk se Pòtoprens menm li te souche. Nan yon liv ki pote tit «1946-1976 trente ans de pouvoir noir en Haiti», René Depestre rakonte n kijan se etidyan nan lavil Pòtoprens ki t ap fè anpil rankont braselide entèlektyèl sou zafè politik mondyal, koze kominis kont kapitalis elatriye, ki te deside pou kont yo fòk yo pase yon vitès siperyè pou yo dechouke yon diktatè ki te rele Elie Lescot nan peyi d Ayiti.

René Dépestre di nou menmsi se etidyan ki te tanmen li, te gen plizyè kalte motivasyon dèyè leve kanpe 1946 la. Onivo ekonomik, SHADA (Societe haitiano-américaine d'exploitation agricole) te gaspiye plizyè milyon goud ak yon seri pwojè tèt bòbèch tankou pwodiksyon Kawoutyou ak zèb yo rele «Kòn Kabrit» la, pwodiksyon pit, eksplwatasyon forèdèpen elatriye... Leta vòlè tè peyizan bay SHADA ak lòt konpayi Meriken, pwodiksyon nasyonal fè bèk atè, komèsan Pòtoprens fè tout pri monte bwa, rezilta: grangou koumanse vale teren. Men se pa peyizan sèlman ki te sibi move politik ekonomik Elie Lescot yo. Misye te amize li fè dappiyanp sou magazen ak byen boujwa Pòtoprens ki nan konpetisyon ak fanmi osnon zanmi li. Kanta pou blan Alman ki te gen gwo komès nan lavil Pòtoprens yo, sou pretèks ke li t ap fè lagè kont Nazi Hitler yo, misye pran plezi poze sele sou zafè nenpòt fanmi Alman epi li distribye sa bay manm gouvènman - l lan. Kidonk lopozisyon anti-Lescot ki te koumanse pran chè nan lavil Pòtoprens lan te pote plizyè bonèt.

Pandanstan, onivo sosyal te gen tout kalite lide anti-enperyalis, ideyoloji sosyalis, filozofi kominis ki te koumanse ap sikile nan lespri jenn etidyan Pòtoprens yo. Se konsa, René Dépestre di nou, ke yon gwo maten nan ane 1942, li wè yon jenn entèlektyèl ki sòti nan kè boujwazi milat Pòtoprens lan ki debake nan Lise Petyon ak yon ekriven Kiben ki rele Nicolas Guillen, sete Jacques Roumain. Menm Jacques Roumain sa a ki ta pral aksepte pòs anbasadè gouvènman Lescot a nan lavil Meksiko, e poutan se limenm menm ki te alatèt mouvman Kominis la nan peyi d Ayiti. Se menm Jacques Roumain sa a tou ki te pwofite peryòd Lescot te mete li kanpe lwen Omeksik la, pou li ekri «Gouverneurs de la rosée», ke jiskaprezan anpil moun konsidere kòm pi gran woman Ayisyen. Nan menm ane Jacques Roumain fin ekri selèb woman peyizan sa a, yon jou 18 dawou li mouri nan lavil Pòtoprens, sete an 1944.

Daprè tout sa nou li osijè mouvman 1946 la, travay Jacques Roumain te jwe yon wòl enpòtan nan fòmasyon entèlektyèl jenn etidyan ki t ap pral tanmen mouvman 46 la.

Depi alepòk kanpay REJETE a, jenès lavil Pòtoprens t ap suiv nan jounal La Nation kouman Jacques Roumain tap depatcha tout agiman teyolojik rasis ke yon pè Breton, blan franse, ki te rele pè Froisset te konn itilize pou jistifye zak kriminèl ke legliz t ap komèt kont peyizan Voudouyizan nan peyi d Ayiti. Nan menm epòk la te gen lòt entèlektyèl Ayisyen ki te pran yon pozisyon «nwaris», se konsa René Dépestre kategorize Daniel Fignolé ki te kreye yon jounal ki te rele «Chantiers». Te gen lòt ekip entèlektyèl ki te rasanble ni nèg milat, ni nèg nwa tankou ekip Haiti-Journal la ki te genyen René Piquion, Jean Briere, Morisseau-Leroy ak Jean Fouchard. Kidonk, ni entèlektyèl politisyen milat pwogresis, ni entèlektyèl politisyen nwaris te fonn nan dengonn Elie Lescot. Poutan, lè leve kanpe a pran chè 7 janvier 1946 se yon ekip jenn etidyan san okenn eksperyans politik ki te fòme yon ti jounal ki rele La Ruche ki te alavangad mouvman grèv la. Jenn gason sa yo te koumanse òganize ti konferans sou katye Bas-peu-de-chose, ak Bèlè. Sete yon ekip plezirè ki te konnen tout katye popilè yo fen e byen. Kèk ladan yo te sòti nan klas pòv la, kèk ladan yo te sòti nan sa yo rele ti boujwazi Pòtoprens lan. Yo te rele Théodore Baker, Kesler Clermont, Jacques Stephen Alexis, René Dépestre.

Premye janvye 1946 se yomenm ki te pibliye ti jounal sa aki te deklare «ane sa a se ane laviktwa kont fòs reyaksyonè yo…aba tout Franko, vive la Démocratie, vive la Justice Sociale, Vive le Prolétariat !». Sete dènye kou ki pou te touye koukou a. Lescot voye arete René Dépestre ak Théodore Baker. Rès kanmarad ki nan ekip Jounal La Ruche yo pa fè ni de ni twa, yo pase modòd epi rapido presto se grèv ki deklare nan Lise Pétion, collège Odeide, Simon Bolivar, St-Louis de Gonzague, Seminè St. Martial, lekòl jenn fi yo yo san konte Inivèsite d Eta d Ayiti.

Nan nuit 5 janvye Lescot fè yo lage Baker ak Dépestre. De zèd tan apre liberasyon yo, reyinyon tanmen kay Théodore Baker pou fòme yon Komite pou Grèv Nasyonal. De jou apre sa, 7 janvye 1946, jenn yo prann lari pou yo - y ap rele «A bas Lescot! Vive les 4 libertés! Vive le communisme! Vive la Révolution!». Pandan 4 jou, se sòti nan grèv Pòtoprens, vire sou grèv nasyonal jouk nou tonbe nan yon leve kanpe total kapital . Lescot bay lame lòd tire san gade dèyè men, te gen anpil jenn ofisye ki te gen tan senpatize ak movman leve kanpe a. Trapde, politisyen yo ki pat atann ke mouvman etidyan an t a pral reyisi konsa, kouri foure bouch nan koze a pou yo rekipere li kòmsadwa. Se konsa, daprè temwayaj Rene Despestre, Louis Déjoie ki te alatèt MOP(Mouvement ouvrier et paysan) te foure bouch nan koze a, Komite pou Grèv Nasyonal la transfòme an Comité de salut publique ki gen politisyen plizyè tandans ki vin antoure jèn etidyan yo. 11 janvye Comité Salut Publique la voye Georges Rigaud, Jacques Stephen Alexis ak René Depestre ale pale ak Prezidan Lescot. Inèdtan apre mesye yo retounen nan baz yo san yo p at rive jwenn okenn antant ak Lescot, yo aprann 3 ofisye nan Eta Majò Lame a pran pouvwa a nan men Lescot. Se yon Komite Ekzekitif Militè ki opouvwa. Kidonk, politisyen tradisyonèl yo bay etidyan kominis yo yon panzou, yo rekipere mouvman an nan men yo, epi lapoula, Gardes D'Haiti mete devwa li opwòp, li pase men l ranmase pouvwa san mèt sa a ki t ap gaspiye nan lavil Pòtoprens.

Se konsa, nou ka rezime evènman ekstraòdinè ki te pase nan peyi a, nan koumansman mwa janvye 1946 yo. Rene Dépestre di, daprè limenm, mouvman popilè ane 46 la te gen potansyèl pou li tounen yon veritab revolisyon si te genyen pati politik sou teren an ki te kapab rasanble preyokipasyon peyizan yo ansanm ak revandikasyon jenn etidyan kominis yo, preyokipasyon entèlektyèl nwa ak milat nasyonalis yo. Men, se pa sa ki te pase, anvan mouvman popilè a te jwenn chans kaselezo se yon Komite Egzekitif Militè ki te ranmase pouvwa.

E, lè militè fin pran pouvwa sa a, poudi yo pral kite l tonbe atè ankò pou sivil ranmase l? Lasent trinite militè ki pran pouvwa a gen de milat (Lavaud ak Levelt) ak yon nwa (Paul Eugene Magloire). Ki enpòtans sa pra l genyen? Kouman ekip "nwaris" Daniel Fignolé, Francois Duvalier, Dumarsais Estimé ak lòt entèlektyèl nwa yo pral reyaji anfas reyalite tou nèf sa a? E eritye Jacques Roumain yo yomenm? E René Depestre, Théodore Baker ak Jacques Stephen Alexis, kisa yo pral di ? kisa yo pral fè?

Jafrikayiti, Oktob 2001
-------------------------------------------------------------------------------------------------------
Referans: Laennec Hurbon, Les mystères du Vodou, p. 138, Gallimard, 1993


Revenir en haut Aller en bas
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Voila Magloire!   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 0:39

Griyo # 52 (Dumarsais Estimé yon prezidan ki make listwa peyi d Ayiti) - Oktòb 2001

Lasosyete onè,

Granmèt nou di ou mèsi daprèzavwa ou kontinye mache ak nou sou chimen listwa pèp annou. Vye fanmi m yo nou sonje kouman lafwadènyè nou te rive nan ane 1946 kote diktati milatris Elie Lescot a te pran yon so kabrit nan men jenn etidyan ki te leve kanpe kont li epi lapoula, Gardes d’Haiti te pase men li ranmase yon pouvwa ki t ap trennen nan lari Pòtoprens. Rezilta: Triyo Militè ki rekipere pouvwa a: Lavaud, Levelt ak Magloire òganize elekson pou ni Sena, ni Cham Bas, jou ki te 15 me 1946 la.

Pami Senatè ki eli yo nou jwenn Louis Déjoie ak Joseph Nemours Pierre Louis. Nan Chanm Bas la nou jwenn nèg tankou Dumarsais Estimé, Edgard Nere Numa ak Thomas Desulme. O total yo te eli 52 palmantè ki yomenm ta sipoze ekri yon konstitisyon epi nonenm yon Prezidan tou nèf pou Larepiblik.

Palmantè yo pase tout ete 1946 la ap fè gwo diskou osijè de "la promotion sociale des masses haïtiennes" nan mitan yon dividal negosiyasyon pa konprann ki konn kite limyè lachanm pou yo al rapousuiv nan fènwa dèyè pòt kay gwo mouche nan lakou pòtoprens. Alafendèfen, yon jou 16 Dawou 1946 eleksyon prezidansyèl fèt nan lachanm. Lè rezilta pran lari se rèl.

Vwalatilpa, malgre Woulo deyò, sanble Colonèl Demosthènes Calixte ki te kandida MOP, pati nwaris Daniel Fignole a, pati Woulo Konpresè a, pati mas pèp la …e ben Demonsthènes Calixte prèske pa ranmase okenn vòt ditou ditou. Edgard Nere Numa, yon nèg nwa ke Louis Dejoie te voye devan pou l al defann kòz milat rich yo ansaklite de Prezidan "de doublure" pa asiste tiraj non plis. Se menm rezilta a pou Bignon Pierre Louis, yon kandida "de doublure" ki te sou bidjè O.J. Brandt, yon blan angle ki fèt sou zile Jamayik men ki te fin rich nan tout kalite rakèt li t ap fè ak leta Ayisyen. Ototal te gen 8 kandida, pami yo tout, se yon palmantè nwa, Dumarsais Estimé, ansyen Minis Levasyon Nasyonal ki pote laviktwa nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl la

Sa ou tande a, daprèzavwa Fignolé sispèk se vòlè mesye yo vòlè eleksyon an nan men MOP ak mas popilè yo, woulo konpresè a desann nan lari Pòtoprens yo mache pete depi se limyè elektrik ki tonbe anba men yo.

Prezidan Dumarsais Estimé pa fè ni de ni twa, li eseye fòme yon gouvènman inyon nasyonal. Yon gouvènman kole pyese kote li bay Fignolé pòs Minis Levasyon Nasyonal, li bay George Rigaud, yon milat ki pat pase nan eleksyon Prezidansyèl la pòs Minis Komès e menm François Duvalier ki te nan MOP ak Fignolé, li bay misye pòs Direktè nan Depatman Sante Piblik. Apre 65 jou, Fignole fè yon kraze kite sa. Pètèt se mannèy li t ap fè pou blan Meriken kolabore ak li, Estimé dekrete Pati Kominis Ayisyen òlalwa. Duvalier limenm deside abandone Fignole ak tout ekip MOP la, li chita chita l nan gouvènman Estimé a, jouk li rive pran grad Minis Sante Piblik nan ane 1949.

Men kijan listwaryen Lyonèl Paquin kategorize pi gwo batayè ki t ap voye zepon yo nan gagè politik peyi d Ayiti alepòk.

1. Daniel Fignolé sete lidè mas pèp Pòtoprens lan
2. Louis Déjoie sete lidè klas lelit milat tradisyonèl la
3. Clement Jumelle sete lidè klas lelit nwa tradisyonèl la
4. François Duvalier sete lidè klas mwayèn nwa yo

Anplis de sa, te gen 2 Pati Kominis, youn sete Parti Communiste Haitien ke milat yo kontwole, epi PUCH ke nèg nwa yo kontwole. Se yon pè legliz Episkopal, Dorléans Juste-Constant, ki te alatèt PUCH. Kidonk pè nan yon legliz ki sou lobidyans blan Meriken ki alatèt yon pati Kominis nan peyi d Ayiti.

Kote Estimé te kanpe nan gagè sa a?

Aksyon Prezidan Dumarsais Estimé ta pral koresponn ak orijin epi fòmasyon li. Dumarsais Estimé te pitit peyizan Latibonit. Li te al lekòl menm kote ak majorite klas mwayèn peyi a, ki pat gen ase lajan pou voye pitit yo lekòl kay frè men ki te gen yon bon altènativ pou bay pitit yo yon edikasyon solid. Li fè klas li Lise Pétion. Kidonk, nou pa etone tande kijan Prezidan Estimé ranmase pouvwa a ak yon detèminasyon fèm pou pitit peyizan yo jwenn lavi miyò nan peyi d Ayiti.

Onivo politik, gouvènman l lan te reyisi vire bagay yo tèt anba. Tandiske depi lokipasyon se milat ki t ap vòlè lajan nan administrasyon leta, sou Prezidan Estimé se nèg nwa ki t ap penpennen. Pou premye fwa Anbasadè Ayisyen nan lavil Washington sete yon nèg nwa. Onivo sosyal menm, tandiske Vincent ak Lescot t ap pèsekite Vodouyizan, sou Prezidan Estimé tout gran atis pent Ayisyen tankou Hector Hyppolite, Philomé Obin tounen vedèt entènasyonal k ap ekzibe imaj vèvè, tanbou ak kwi toupatou sou latè - menm anndan kè Katedral Ste-Trinité. Troupe Nasyonale Folklorique ap bay payèt. Catherine Dunham tonbe damou. Etnològ an ran ap debake vin dekouvri yon Ayiti kote gen yon kilti Nwa k ap boloze tèt kale bobis. Felix Morisseau Leroy adapte Antigone an Kreyòl, li pibliye Kodak.

Onivo ekonomik, te gen gwo pwogrè tou paske Leta Ayisyen te reyisi achte tout aksyon CITIBANK nan peyi d Ayiti, kidonk pou premye fwa depi lokipasyon Ayiti jwenn liberasyon finansyè total kapital. Epi se la tou banbòch nwaris la te pral fè bèk atè.

Malgre tout lakilbit Estimé t ap fè pou li bay nèg nwa plis plas nan leta e, an menm tan, bay Milat yo tout kalite avantaj nan domèn komès peyi a, gen anpil moun ki te konsidere misye kòm yon eleman jenan, yon gate pati ki merite elimine. Poutan, malgre tout bon bagay li reyalize, lè nou gade aksyon Prezidan Estimé yo tout bon vre, nou ka wè misye pat reyisi fè yon milyèm nan kalte revolisyon nwaris ke Fignolé t ap pale a. Ni non plis, li pat deranje yon yota nan manman chapant sosyete Ayisyen an. Paregzanp, tout bèl travay Prezidan Estimé reyalize nan kad Ekspozisyon Bisantnè lavil Pòtoprens nan kote gwo traktè vin pouse lanmè bay granri ak Bisantnè plas pou yo bay payèt, se bèl pwogrè. Men pou kilès? Èske sete pou peyizan Latibonit, peyizan nan Nò, nan Sid, nan Grandans, nan tout fon kè peyi a? Non sete menm ekip jwisè nwa ak milat lavil Pòtoprens yo ki te kontinye ap bwè lajan yo nan yon epòk kote lagè fini an Ewòp kidonk, touris ap debake pil sou pil vin degoudi ren yo nan yon anbyans ekzotik.

Pou li te ka konsole milat Pòtoprens yo ki te pèdi pye nan aparèy leta a, Prezidan Estimé bay yo yon dividal avantaj bab e moustach nan endistri touristik la. Poudayè, nan tout Karayib la, se sèl Ayiti ki te gen on latriye Otèl ki te rele natif natal yo chèmèt chèmetrès. Twa ka, si se pa tout otèl sa yo se Milat ki bati yo ak lajan gouvènman Estimé a te ba yo. Listwaryen Lyonel Paquin di nou, se sou woulib sa a tou, Louis Déjoie tou pwofite vin miltimilyonè. Malgre sa, milat yo pat vle wè Estimé e yo pat janm sispann konplote pou yo ba li yon so kabrit.

Listwaryen Lyonel Paquin di nou: plis Estimé tap eseye tanporize milat yo, se plis yo t ap fè awogan, plis yo t ap vin si de tèt yo. Pandanstan e boujwazi Nwa Pòtoprens lan limenm, kisa li t ap regle? Aparamman, ekip pa itil sa a pa t ap regle anyen k serye ni pou pèp, ni pou konsolide pouvwa ekonomik klas yo a sou baz solid tankou komès osnon endistri. Okontrè vin gen yon latriye jwisè kap depatya kès leta onon "La promotion sociale des masses haïtiennes". Okenn gwo pwojè pa t reyalize anfavè kolektivite lavil yo, alevwa pou manman popilasyon an ki rete ap vejete anndan fon kè peyi a. Resesyon pa resesyon, boum ekonomik ou pa, li po ko janm ka li G A ga sou fèy malanga, Java ki sou do pye l pa gen doktè ki pou wè sa."La Promotion sociale des masses haïtiennes" se franse nèg nwa ak nèg milat Pòtoprens ap rablabla lè dòz bweson yo sele lespri yo osnon, tankou granmoun yo konn di "lè dan radòt yo ap grate yo".

Konsa tou, moun nan fon kè peyi a pat okouran lè eskandal te pete nan Pòtoprens paske yon milat ki te rele Viaud te pete sèvèl yon patizan Estimé ki te rele Jean Remy, epi pèp Pòtoprens te mache rachonnen Viaud jouk li trepase. Bagay konsa pa regade peyizan. Non plis pa t gen moun ki te vin pale yo de eskandal plizyè milyon dola benefis lavant fig bannann ki te disprèt nan kòfrefò leta, nan lavil Pòtoprens. Sa pa regade peyizan!

Kidonk, si 1946 te gen pou li ponn yon revolisyon, sa te mouri nan vant.

Nan koumansman ane 1950 lòd te pase pou yo fè dènye kout bistouri ki pou te remete bagay yo nan lòd tradisyonèl yo. Bri koumanse kouri ke Kolonèl Magloire, nèg nwa ki nan lasent Trinite koudetayis la, t ap file zepon li kont Prezidan Estimé. Pèp Pòtoprens pran lari pou yo. Anplwaye leta fin dechennen, nèg ap sonnen klaksonn machin yo, y ap leve ponyèt yo byen wo pou yo di kou sa a pap pase. Epi toudenkou radyo anonse " Prezidan Estimé bay demisyon li, dezòmè se yon jent militè ki opouvwa". O o ! poukisa ou sezi, se lasent trinite k ap feraye monnami - 2 milat, 1 nwa: Lavaud, Levelt epi voila Magloire!
...

Listwaryen Bernard Diederich ki ekri yon liv ki pote tit "Papa Doc", fè nou konnen ke nan moman panzou sa a, François Duvalier ki te Minis Sante Piblik te ofri Estimé pou limenm pèsonèlman l al mete dlo nan diven Magloire ak ti klik koudetayis li a. Men, sanble oswa Estimé te gen tan wè twò ta bare li, oswa li pat fè Duvalier konfyans, oudimwens gen lòt bagay ki tap negosye an koulis ke listwa piblik poko ap jwenn pou yo klere je malere ki pa gen aksè a sa ki t ap pase nan chanm gwo mouche sa yo. Antouleka , Paquin limenm di nou menmsi li pa ka konfime se konsa sa te pase egzakteman, li kwè ke Estimé te reyisi bare Magloire k ap konplote kont li ak mesye milat ki te nan lopozisyon yo epi li te ofri misye yon pòs anbasadè kanpe lwen nan peyi Venezuela. Sanbletil Magloire te dakò epi li te fin ap mare pakèt li lè yon makònn jenn ofisye milat sènen misye, yo di l wè pa wè, li pap ka bat zèl li kite yo konsa anba men Estimé san sekou san pwotekson. Kidonk, fòk li bay Estimé so kabrit la kanmenm. Orezime sanble Estimé te souzestime apeti Magloire. Se pa lajan sèlman ki te enterese kolonèl la, li te renmen ti moso pouvwa li tou.

Nan ane 2001 an gen yon liv Madan defen Prezidan Estimé pibliye sou pèsonaj enpòtan sa a nan listwa pèp nou an. Domaj, nou po ko siwote sa ki ekri nan kòtòf liv sa a. Men, alapapòt, pou jan ni legliz Katolik, ni anbasad Etazini te bat bravo lakontantman pou Kolonèl Magloire lè li te vin pran grad Prezidan Larepiblik nan ane 1950 sa a, sa te etone m anpil ekriven tankou Diederich ak Paquin pa site non yo nan kad reyinyon konplotay ki te fèt nan mwa Me 1950 yo.

Odepa Kolonèl Paul Eugène Magloire te pran grad Sekretè de l'Enteryè nan gouvènman pwovizwa a. Kidonk, misye tanmen yon pelerinaj nan pwovens yo, kòmansan nan Nò kote kòd lonrit li antere. Lè Magloire rive Gonayiv, se Monseyè Robert ki ansanse misye epi mete bon jan van nan vwèl li. Moseyè Robert sa a ou tande a, se yon ansyen rat nan legliz katolik. Misye te pè nan pawas Pòtoprens men, menm lelit reaksyonè lavil Pòtoprens lan te twouve misye cho pase dife lanfè, twò cho devan bann nan nan kanpay REJETE a. Yo te bay misye pwomosyon Monseyè pou yo te ka retire li nan kòsaj yo ekspedye l al pèsekite malere nan lavil Gonayiv pito. Kidonk, nan lavil Gonayiv, se Monseyè Robert ki resevwa Sekretè de l Enteryè Paul Eugène Magloire. Nan mitan Te Deum nan, Monseyè enpwovize yon litani lwanj pou Magloire. Li deklare kare bare ke se Bondye menm nan sajès li ki te chwazi Magloire kòm ."sovè peyi d Ayiti". Monseyè rapousib sou menm boulin nan li di: daprèzavwa tout pouvwa se Bonde ki bay sa, lepèp sètoblije lapoula koube devan volonte Bondye. Amen alleluha ! Se konsa Magloire sòti nan katedral la gonfle tankou konpè pan antoure ak sòlda an pozisyon de gè. Sou woulib sa a, paltan li rive lavil Okap, se an chèf deta yo resevwa Paul Eugène Magloire menmsi eleksyon pot ko menm fèt.

A eleksyon! sa se ti fòmalite deryen ditou. Trapde "Assemblée Constituante" te gen tan fòme e fwa sa a, li dekrete se eleksyon dirèk ki pral eli prezidan an, sa vle di lepèp (oudimwens gason ki gen laj majè) pral pran lari pou yo eli yon Prezidan pou Larepiblik. Natirèlmman, lame pran sa an men monnami epi, 8 oktòb 1950, «tel que convenu en hauts lieux» Jeneral Paul Eugene Magloire pran pouvwa a ansakalite de "president de doublure" ki dirije nan entèrè oligachi tradisyonèl la ant 1950 epi 1956 .

Daprè James Ferguson ki ekri "Papa Doc, Bab Doc, Haïti and the Duvaliers", onivo relasyon Magloire ak Etazini, dezòmè sete bèl akolad. Vis-Prezidan Ameriken Richard Nixon deplase sa majeste li vin bobo ak Prezidan Magloire nan peyi d Ayiti. Epi Magloire, asontou, monte avyon al bay payèt devan Kongrè Ameriken nan mwa janvye 1955.

Mezanmi, lè a rive pou n al gagari ti tak dlo nan sous men, se pa sa Maten, pandanstan kote Daniel Fignolé ak François Duvalier ye? Pa dim tout moun vag sou kesyon defann " la promotion sociale des masses haitiennes" nan hen?

Adye ti bourik mwen! Nèg nan Pòtoprens ??? !


Dernière édition par jafrikayiti le Dim 29 Mar 2009 - 10:55, édité 2 fois
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star
Rodlam Sans Malice

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 1:03

Jaf

li yon ti jan ta demen na fè yon rale sou epok saa.paske mwen genyen liv otobiografi tou 2 Presidan sa yo.
Revenir en haut Aller en bas
Invité
Invité



AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 8:59

mèsi jaf
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 51
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 11:26

Yon sel ti problem mwen gengnen .A lepok pat gen ko gengnen PUCH ki se PARTI UNIFIE DES COMMUNISTES HAITIENS.Fomasyon politik sa a pran nesans an janvier 1969.Se te rezilta fusion PARTI D'ENTENTE POPULAIRE de JACQUES STEPHEN ALEXIS et PUDA .lORS DES ELECTIONS DE 1957,Compere general soley te mande moun pou vote Louis Dejoie.Paske stalinien epok sa a,dapre lign Moskou,se pou yo te kanpe deye yon pwogram boujois ki te ka pemet yon indistrializasion pou konstwui yon veritab klas ouvrye.Ensuit,se le sa patis kominis yo ta pral travay pou revolisyon.Se sa yo rele yon politik etapis .
Nan ane 70 yo te gen yon pati PCH men se roger mercier ki tap dirije li.Li te gen komite santral,youn milat ,youn nwa.Gen yon atik sou nouvelis sou Roger Mercier ,nap jwen kek bagay enteresan.Men ote atik la pa ale lwen.
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17239
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 11:52

Pipo,
Ou te vin jwenn menm pwoblèm lan, lan Kiba.Mesye Pati Kominis Kiben an te kont revolisyon an.
Pou yomenm Pati sa a ,se ta tankou Pati Kominis Italyen an ou byen franse yo,pou yo ta aji
Yo pa konprann reyalite peyi yo diferan.
Tankou lan Kiba ,revolisyon 59 lan se te kontinyasyon gè lendepandans Kiba a ,se menm jan an tou yon revolisyon ann Ayiti ,se t ap kontinyasyon gè 1804 lan ou byen sitou 1806 ,lè eleman kontrevolisyonè vin vire objektif revolisyon an.
ke w te rele kominis,nasyonalis ,jan w vle se te sa li ye e sete sa pou l ta ye.
Mesye ki te di yo kominis ann Ayiti yo,se te de nèg ki t al etidye an Frans e ki retounen ak lide ki pa t marye ak reyalite peyi an.

Se youn lan rezon ke Pati Kominis sa yo pa t janm ka entegre l lan mas yo e se pa etonan ke anpil dirijan mouvman sa a vin aji jan nou konnen yo vin aji an ;tankou yon nonm kou JERA PYE CHAL ak zòt yo.
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 51
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 12:28

Joel,
yon nan bagay ki toujou frape se le fet eleman ki pi reyaksyone yo vini de pati stalinien yo.Gade pakou Rene Theodore,Gerard Pierre-Charles.Youn nan liv ki pi ekstraodine yon Haitien pa janm ekri"RADIOGRAPHIE D'UNE DICTATURE".Ou we jan misye fini.Gen yon le sou radio caraibes ,Senateur Maxime Roumer te di ke Pierre-Charles te vann Aristide la Goch.Mwen te panse ke senate tap bay manti.Stalinis yo se pati ki pi optinis ki te ka gengen.Vietnam pa tap janm lib si des eleman pi avanse yo pa t pran devan paske parti communis lanse te yon fren.Se te menm bagay la tou pou la grande marche de Mao.En passant,dirijan chinoi te rele Jacques Stephen Alexis "le Lenine noir".Le wtap gade PUCH avek Theodore,li te nan tout akomodasyon ak CNG .Se apre mwen tap aprann te gen yon pak sekre ant yo ke yo pap chofe bagay yo an echanj pou yo pa ajnm nuit yo paske max bourjolly,Gerard Pierre-Charles te di yo pap tounen an ekzil anko.Ou te we le charlot Jacquelin te disparet ki sa li te fe.
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star
Rodlam Sans Malice

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 12:41

se yon sel bagay ke mwen ka ajoute nan epok 46-56 sè ke si yon ayisyen vle fè chanjman an ayiti ou genyen 2 optyon se swa ou fè l tankou castro fè l kiba ou byen ou fè l pa etap an menajan pawol ki sot nan bouch w.optyon castro pat posib nan ane 50 yo an ayiti a kos de ba nivo edikatyon pep la e febless pati politik yo an ayiti.vi nivo enfliyans legliz katolik an ayiti e fos ekonomik oligarchi ya sak pase kiba pat ka pase an ayiti.sitou apre sak te pase sou gouvenman Estime ya.na remake ke tout politiysen ayisyen ki paret byen cho devan bann lan ki vle chanjman radilakl yo tout echwe .poukisa?poukisa Charlemagne peralte echwe, poukisa Estime echwe, poukisa Daniel fignole echwe, poukisa Aristide echwe?poukisa preval echwe?pou mwen se la ke paul magloire kwak anpil politisyen ayisyen di ke li se yon medyok se la li montre ke li entelijan Paul magloire te konprann li pap ka gouvène peyi ya si li alyene fos ekonomik oligarchi ya e mete li dos a dos ak ameriken ak legliz katolik.Li foure kor li anba yo e na remake ke se epok saa te genyen mwens divisyon nan sosyete ayisyenn lan.

Genyen moun ki ka di ke paul magloire pat fè anyen pou mas pep la mwen pa dakor.se pa pale anpil ki di ou fè pou pep, se mete lekol pou ba yo edikaton, envesti nan lagrikilti,kreye enfrastrikti ki pou ede yo tankou fome kooperativ agrokol , organisatyon tankou ODVA,konstwi wout pou pemet ekoulman machandiz.bati port e wharf kote enpotatyon koute mwen chè . envesti nan sa ki ka pemet nou rantre plis deviz bati lopital pou ba yo swen sante. e pou kontwole kwasans demografik la .Si yon moun pa genyen oken prejidis kont paul magloire e si w gade sa li reyalise fok w avwe ke li te kreye tout bagay sa yo ke mwen di ya.Eske li ta ka fè plis wi men nan kelke swa kritè ke se swa edikatyon, sante; infrastrikti,lojman ,travay ,jistis,salubrité mwen kwè ke paul magloire te kite peyi nan yon meyè kondityon ke jan li te jwen li.se sa pou mwen ki pwogrè. Genyen yon kalite ti komilis de salon ki pap janm apresye paul magloire men li se te yon pragmatik.li konnen sa ki te ka fet an ayiti e sa ki pate ka fet.Tankou yon ansyen zanmim te dim ak ki sa ou ta pral fè revolutyon sosyalis la.e se vre ou pa ka separe zero.
Revenir en haut Aller en bas
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 13:01

Mèsi pipo pou koreksyon an, PUCH se annapre li te vin parèt sou teren an vre. Mwen va verifye referans mwen yo pou koreksyon an byen fèt.

Malice, èske se vre Estimé echwe? Ki kantite nan kredi ou bay Magloire yo ki chita sou reyalizasyon Estimé? Si olye misye te mete ak milat yo pou li te bay Estimé koudeta, okontrè, limenm, Fignolé, Duvalier, Déjoie te aprann negosye pi byen youn ak lot, poudi nou pa ta evite katastwof 1957-1986 la? Mwen pa vle retire aksyon mesye yo nan kontèks tanporèl yo, men mwen panse se yon erè pou nou konsidere chak prezidan ki konplete yon manda san li pa pran koudeta kom yon moun ki "reyisi", epi sila yo ki tonbe nan koudeta kom moun ki "echwe". Poudayè, nan vizyon pa m, se pa endividi ki echwe vre, se yon jenerasyon. Lè nou konsidere kijan diktati rasis 1915-1946 yo te lage peyi a nan yon kondisyon delabre, ak tout aberasyon nou te konnen yo, vizyon elit politik ki monte opouvwa apati 1946 la, se pat dwe "n ap fè yon kou nan palè a tou". Lè mwen li sa ki te pase nan epok sa a, anpil fwa mwen remake paralèl ak 1986-1990-2009 kote move jesyon espas politik la fè "lidè" yo bloke nan batay sipèfisyèl. Jounen jodi a, si Prezidan Preval fini manda li san koudeta, èske sa ap vle di li "reyisi" pou sa?
Revenir en haut Aller en bas
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: KANSON FÈ LAKOZ YO BAT EPI EGZILE MARTHA JEAN-CLAUDE   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 13:14

Griyo # 53 (Fignolé elimine - François Duvalier ap demele gèt li nan fil annasi a) - Novanm 2001

KANSON FÈ LAKOZ YO BAT EPI EGZILE MARTHA JEAN-CLAUDE


Lasosyete onè,



Nou di Granmèt la mèsi daprèzavwa n ap rapousuiv pelerinaj sa a, kòtakòt, sou chimen listwa pèp annou.


Nan ane 1956, tankou plizyè lòt prezidan anvan li, tantasyon te monte nan tèt Paul Eugène Magloire, fè l anvi chanje konstitisyon peyi a dekwa pou li ka chita pi lontan sou chèz boure a. Men, sanbletil, ke malgre tout sipò li te abitye resevwa nan men blan Meriken, fwa sa a, ni anbasadè Meriken an, mouche Roy Tasco Davis, ni nons Apostolik la, mouche Luigi Raimondi, te fè prezidan «kanson fè» konnen ke lè a rive tout bon vre pou li bay dèyè li de tap - leve sou chèz la. Paske, li te klè, ak bonm k ap eklate pasi pala, grèv tout lasent jounen nan lavil Pòtoprens, yo pa t ap kapab kenbe Magloire opouvwa toujou. Detoutfason, «kanson fè» te gen tan fin fè bon jan netwayaj nan peyi a pou yo. Paregzanp, jou ki te 20 desanm 1952 a, prezidan «kanson fè» te fè yo poze lapat sou yon fanm ansent, yon atis angaje ke yo akize kòm kominis k ap simaye pawòl piman bouk kont gouvènman an - natirèlman kont blan Meriken tou ! Se konsa, apre li te fin sibi soufrans maladi nan prizon, san konte endiyasyon ak imilyasyon, se legzil nan peyi Venezuela, apresa sou zile Kiba, ki te louvri de bra li pou l akeyi youn nan pi bèl chelèn peyi d Ayiti, nou vle pale de larèn chantrès: Martha Jean-Claude. Nou tou pwofite lage twa gout dlo lareverans pou onore memwa grandèt sa a ki chwazi semenn pase a pou li travèse lòt bò lantouray lavi ak 82 rekòt kafe byen konte, byen ranpli. Respè pou ou grandèt, mèsi Martha! Anpil respè!

Odepa, mouche Paul Eugène Magloire te vle fè wondonmon osijè koze bay pouvwa a men, orezime, lè li te fin reflechi byen reflechi, prezidan «kanson fè», kòmalòdinè, te prefere koute konsèy zanmi etranje l yo epi li mare yon ti pakèt byen lou mete anba bra li, pye l te pèdi tè, li t al ateri nan zile Jamayik.

...


Apre kanson fè te fin pati, se atò mesyedam Pòtoprens yo te koumanse louvri tout kalite eksperyans laboratwa politik sou lestomak pèp Ayisyen. Jij Lakou Kasasyon Nemours Pierre Louis fè 55 jou kòm Prezidan Pwovizwa, apre sa Frank Sylvain pase fè 52 jou chita sou chèz prezidansyèl la tou . Pandanstan, grèv agòch, grèv adwat, bonm ap eklate pasi pala. Non François Duvalier koumanse site - kòm kandida a la prezidans men tou, kòm moun ki responsab bonm k ap plede eklate pasi-pala yo nan kapital la. Plis jou t ap pase, se plis bagay yo t ap mangonmen.

Popilasyon an ap bat tenèb depi kèk semenn. Men, jou 18 me 1957 la, se nan kè Lame d' Ayiti menm lòbèy te pete. Sanbletil gen yon revandikasyon popilè ki te tanmen pou mande pou Jeneral Léon Cantave rache manyòk li bay Kolonèl Pierre Armand, ki te chèf Lapolis alepòk, dirije Lame. Sa ou tande a, zam te mare nan peyi a. Wout Senmak bloke, zam lou ap sikile nan lari pòtoprens. Kolonèl Armand bay Jeneral Cantave demi-èdtan pou li bay pouvwa a. Lè 30 minit la te fin pase, pèp Pòtoprens te rete konsa li wè yon avyon k ap fè laviwonndede anwo tèt Palè Nasyonal - mezanmi, men avyon an lage yon bonm ki vòltije al tonbe nan lakou prizon…Jezi-Mari-Jozèf ! o. o, Vyèj Mirak Sen Baltaza, gade on salmannaza, apa li pa eklate!

A ! sa se travay Bondye. O ! nèg ! pou kantite pèp kirye ki te gentan rasanble sou Chanmas, ou imajine ou sa ki te ka pase jou sa a si pat gen yon militè masèl kòkòb ki te bliye aktive bonm sa a anvan yo te lage li nan lakou prizon an. Adye !

Men, pandan tout evènman militè sa yo ap deplòtonnen sou channmas lan, pa kwè se te tout non. Mande Bondyemèt padon monchè, ou tou konnen fòk politisyen yo ta ajinse! A wi! Nèg yo t ap negosye zafè yo nan Kazèn Dessalines. Louis Déjoie te rete kanpe pou kont li sou pozisyon li, men Daniel Fignolé, François Duvalier ak Clément Jumelle te jwenn yon antant. Nèg sa yo te aksepte ke se te tou pa Daniel Fignolé pou li monte chèz boure a ansakalite de Prezidan Pwovizwa.

A! Sa a ou tande a, pèp Potoprens te ozanj, se te bèl fèt toupatou paske depi lontan se Fignolé menm, chanpyon yo a, ke mas pèp Ayisyen te vle kòm Prezidan.

O ou kwè sete bèl bagay! Menm nan lame sete bèl fèt fratènite Ayisyen ak Ayisyen. Kolonèl Armand ak Jeneral Cantave bay bèl akolad epi yo rale kò yo bay yon chèf tou nèf monte alatèt Lame d Ayiti, sete Jeneral Antonio Kébreau. Lapoula, lapè retounen nan peyi a.


Bon bagay pa vre? Men, e anbasad paka pa la yo, ki sa yo te di nan koze a?

Nou ka pa bezwen reponn kesyon sa a tousuit. Okontrè, annou voye yon lèy sou prezidan tou nèf la, sonnekselans Daniel Fignolé.


Mouche Daniel Fignolé sete yon nèg ki te sòti nan mas pèp la. Pitit peyizan Pestel ki te fè anpil efò jouk li rive enpoze prezans li kòm yon politisyen enfliyan nan Pòtoprens. Baz Fignolé sete nan katye popilè yo sa te chita: Bèlè, Lasalin, Bòlòs ak Lakou Breya. Nan liv Meriken ki t ap maspinen nèg nwa nan peyi yo alepòk, fòk nou sonje sa pou nou ka konprann, blan yo dekri Fignolé kòm yon nèg nwa rasis ki te pratike paspouki anfavè nèg nwa parèy li. Kidonk, nou wè ke mwen pa bezwen di nou kijan anbasad paka pala yo te reyaji pandan pèp Ayisyen t ap fete pou Fignolé.

Nou tou wè nan ki kontèks bagay yo t ap evolye la a nan kè ane 1957 sa a. Kidonk, nou pa sezi aprann ke nannuit menm 14 jen ke Fignolé anonse yon ogmantasyon 100% nan salè sòlda yo, Jeneral Kebreau flank pòt palè a yon sèl koutpye li rantre ranmase Prezidan Fignolé. Li fòse prezidan an siyen yon lèt demisyon epi li mennen li Bizoton pou l al monte bato legzil. "Brobro a bien su sa leçon!". Yon lòt fwa ankò, lame te debarase peyi d Ayiti de yon prezidan ki te twò popilè, ki te twò nwa, ki te twò enkontwolab. Ojis, nan ane tèt chaje 1957 sa a, Daniel Fignolé, chanpyon mas popilè yo, te pase 19 jou sèlman opouvwa kòm Prezidan d Ayiti.

Natirèlman, pèp katye popilè, pèp Fignolis te mobilize. Nannuit yo t ap bat tenèb, lajounen, Woulo te nan lari. E, sa k pi rèd la, bri radyodyòl ki t ap kouri fè konnen ke nèg yo touye Fignolé sou lanmè. Mezanmi, manman pitit mare senti ou. Se blow ! Rèl anwo, Blow! rèl anba, blow! Blow ! blow !rèl adwat, rèl agòch, lajounen kou nannuit. Apre tout rèl, ekriven blan tankou Ayisyen pa ranmase ni non, ni temwanyaj ….


Paske lè se malere katye popilè ki sakrifye sou lotèl «demokrasi kwochi», yo rele sa senp estastitik: Lame di li rekonèt 50 mò ak 250 blese, Maurepas Auguste ekri chif 500 kadav, nan liv li. Diederich ak Burt, ki se de listwaryen blan Meriken di yomenm yo kwè fòk gen 1000 moun ki te mouri nan masak sa a.

Antouka, si nou ta di ou ke listwaryen yo rapòte krik, nan sa ofisyèl peyi zanmi Ayiti yo te di osijè masak sa a, se ta manti nou ta fè. Men, gen de silans ki sonnen an bon franse nan zòrèy moun ki gen bon lantandman. E nan ane 1957 sa a, fòk ou ta tande son zotobre k ap deklame «en vers ou en prose»: Le Général Kébreau a bien apprit sa leçon, que faut-il lui donner?

A wi, se atò Jal Kébreau te kanpe min nan Pòtoprens. Poudayè, li dekrete eta d syèj epi li anonse eleksyon pou 22 septanm. Sa ki vivan toujou vin vote. Men, se bon, vote byen pèp!

Kidonk, nan kout katon sa a, ki jwè ki rete sou teren an pou match 22 septanm 1957 la? Nou mèt bliye Fignolé, lidè mas pèp la, paske li pran gòl a men, li elimine nèt nan chanpyona a. Ou ka di, Clément Jumelle limenm, lidè klas lelit nwa tradisyonèl la, se yon jwè ki sou beki paske li kase pye l plizyè fwa sou teren politik la. Li te Ministre du Travail ni sou Estimé, ni sou Magloire. Louis Déjoie limenm, lidè klas lelit milat tradisyonèl la, li ta ka jwenn chans li wi. Men, pou jan mas pèp la move apre yo fin rape Fignolé l nan men l la a, pou di yon kout Déjoie ta ka pase fasil ? Epi tou, fòk nou pa bliye ke, daprèzavwa Fignolé fin elimine kounye a, gen ti doktè entèlektyèl la, François Duvalier, ki parèt kòm sèl lidè klas mwayèn nwa yo. Poudi Fignolis yo pa ta konsole yo ak misye? Pa bliye Doc la te asistan nan misyon medikal Lame Etazini nan peyi d Ayiti sòti nan ane 1943 rive 1946, se yon ansyen Fignolis, yon ansyen Estimis. Men, depi kèk tan Doc la koumanse simaye ti nouvèl kase nan zòrèy kòmkwa li reyisi konvenk blan Meriken pou yo kore bannann li, nan kad eleksyon ka pral fèt yo. Kidonk, misye limen bouji devan plizyè sen alafwa. Ki rezilta sa pral bay nan konjonkti politik 1957 sa a?

Men, anvan nou rapousuiv sou bit sa a, kòm depi kèk jou nou kontre ak ti Doc la sou chimen listwa etank jenn politisyen Pòtoprens, fòk nou ta di ou tou ki kalte ze ki ponn volay sa a!.

Eben, daprè rapòtay James Ferguson, nan liv li ki rele «Papa Doc, Baby Doc, Haïti and the Duvaliers», se yon jou 14 avril 1907 ke yon fanm ki rele Uritia Abraham kase lezo li fè yon pitit pou mouche Duval Duvalier, yo rele pitit la: François. Uritia Abraham, manman an, sete pitit fi yon travayè nan boulanjri. Duval Duvalier, papa a, te pwofesè, jounalis epi jijdepè. François Duvalier grandi nan zanviwon Palè Nasyonal, li fè klas li Lise Pétion. Pami pwofesè mouche, nou jwenn youn nan pi gran entèlektyèl epi chèf dEta Ayisyen, Dumarsais Estimé. E tankou nou te wè sa pi douvan, Duvalier te koumanse karyè politik li sou menm liy ak ansyen pwofesè li yo.

Bon, nou sonje kouman Estimé te pase, nou fenk wè kouman yo te elimine Fignolé…ki jan pitit Uritia ak Duval Duvalier a pral demele li nan fil annasi politik nèg Pòtoprens?

Annatandan vye fanmi m yo, Griyo a fè yon kanpo ak Maten , ti bourik nou, pou nou rafrechi gòjèt nou.


Sife!


Dernière édition par jafrikayiti le Dim 29 Mar 2009 - 15:42, édité 1 fois
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star
Rodlam Sans Malice

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 14:19

mwen deja kondane kou deta 10 mai 1950 plisyè fwa,byen ke yon pwoch de paul magloire te mandem eske si Boucicaut ou Flambert te ba Duvalier yon kou deta eske li tap jistifyab mwen te di li wi epi li te dim se nan konteks saa pou jije zak paul magloire ki daprè sa Paul magloire di ke estime te vle vyole konstitutyon poul te fè sa Duvalier te vinn fè ya.Eske se vre mwen pa ka di ni wi ni non men se 2 moun sa yo ki konnen,mwen pa nye genyen move zak ki te komet sou magloire non,men ki presidan ayisyen ki pa genyen zele ki fè move zaktyon sou non yo?Eske yo pa di ke se Aristide tou ki touye anpil moun nan peyi ya?
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 51
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 14:34

piporiko a écrit:
Yon sel ti problem mwen gengnen .A lepok pat gen ko gengnen PUCH ki se PARTI UNIFIE DES COMMUNISTES HAITIENS.Fomasyon politik sa a pran nesans an janvier 1969.Se te rezilta fusion PARTI D'ENTENTE POPULAIRE de JACQUES STEPHEN ALEXIS et PUDA .lORS DES ELECTIONS DE 1957,Compere general soley te mande moun pou vote Louis Dejoie.Paske stalinien epok sa a,dapre lign Moskou,se pou yo te kanpe deye yon pwogram boujois ki te ka pemet yon indistrializasion pou konstwui yon veritab klas ouvrye.Ensuit,se le sa patis kominis yo ta pral travay pou revolisyon.Se sa yo rele yon politik etapis .
Nan ane 70 yo te gen yon pati PCH men se roger mercier ki tap dirije li.Li te gen komite santral,youn milat ,youn nwa.Gen yon atik sou nouvelis sou Roger Mercier ,nap jwen kek bagay enteresan.Men ote atik la pa ale lwen.

MWEN TE FE YON ERE.LOT BRANCH KLANDESTIN KI TE VINN BAY NESANS A PUCH SE TE PPLN ,PARTI POPULAIRE POUR LA LIBERATION NATIONALE DE JEAN-JACQUES DESSALINES AMBROISE ET NON PUDA..
Revenir en haut Aller en bas
Rico
Super Star
Super Star
Rico

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 15:35

Genyen yon kalite ti komilis de salon ki pap janm apresye paul magloire men li se te yon pragmatik.li konnen sa ki te ka fet an ayiti e sa ki pate ka fet.Tankou yon ansyen zanmim te dim ak ki sa ou ta pral fè revolutyon sosyalis la.e se vre ou pa ka separe zero. MALICE

Mezanmiro gade jouk ki kote mwen vinn dako ak MALICE. Mwen te toujou kanpe sou bit sa malgre antouraj mwen kite bon militan goch. Mwen toujou di mesye teyori nou yo pa kanpe sou vrè reyalite peyi dAyiti. Mwen toujou di se ajiste yo vinn ak bagay plis reyalis.

Se te yon fom sosyalis kap vale teren jounen jodyè a mwen rico te toujou pwonnen nan fen ane 60 yo. Men 2 kinan m yo ki disparèt te toujou nan chire pit ak mwen . Pou meye sayo kite inivèsitè alepok, moun de syans yo te wè pi lwen nan gran liv, se trete ti frè yo kom devyasyonis.

Alepok se toujou, ensiste ak kisa yo pral fè revolisyon pwoletaryenn sa. Nan yon peyi san sisbstans ki chita sou mizè, yon ekonomi pov, aksfisye. Se te toujou patinaj ak repons evazif. Alos mwen toujou pran plezi di mwen fenk kapitalis. Jounen jodyè a si yo te vivan mwen konnen yo tap banm rezon.

Sitou moun ki te ansanm alepok komanse divize depi letranje pa kapab janm antann yo. Yo tout te vle gen kontrol yon pati. An 86 yo rantre nan peyi dayiti toujou nan divizyon . Chak kan monte pati yo, se konsa klan Pierre Charles fè alyans ak lot koken nan yon bouyon mikmak. Apre se tande w tande lidè chwazi pou prezidans se yon chapo legal li te bezwen.

Men sa anpil moun pa janm konprann lidè teyoloji liberasyon yo chwazi li te soti nan mitan yon gwoup lennmi viseral klan Pierre Charles bann ekip mawowis defen Karl Levek yo. Se te yon abse sou klou. Alos koman vle bann kabrit tomazo ki nan tout chire pit deja mete ak vye divizyon ideyolojik bay bon rezilta. Nou dwe konprann anpil bagay ki dèryè tout desant o zanfè ekip goch kavya sayo.

Daye tout 2 kan divize sayo toujou solisite Rico ki kanpe byen lwen toujou tchwipe yo . Alos moun ki refize konpran rico mwen bannou bon pis pou medite.
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 51
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 15:45

RICO,

Gen yon gwo rankont ki te fet Panama en 1981 ant la gauch pou te defini yon strateji komin face a Duvalier.Men li te echwe pou swa di yo :divizyon.PUCH te voye Rock Derose pou te vinn kreye selil.e reveye sak tap domi yo.Mouche pot ko mete pye li li disparet.Depi lor yo pa janm jwen nouvel li.Ou panse se neg andedan mouvman an kio van mouche?Mwen tande yo di neg Nouvelle Optique yo pa inosan nan bagay s a .Banm yon ti losye.
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 51
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 15:47

Rico a écrit:
Genyen yon kalite ti komilis de salon ki pap janm apresye paul magloire men li se te yon pragmatik.li konnen sa ki te ka fet an ayiti e sa ki pate ka fet.Tankou yon ansyen zanmim te dim ak ki sa ou ta pral fè revolutyon sosyalis la.e se vre ou pa ka separe zero. MALICE

Mezanmiro gade jouk ki kote mwen vinn dako ak MALICE. Mwen te toujou kanpe sou bit sa malgre antouraj mwen kite bon militan goch. Mwen toujou di mesye teyori nou yo pa kanpe sou vrè reyalite peyi dAyiti. Mwen toujou di se ajiste yo vinn ak bagay plis reyalis.

Se te yon fom sosyalis kap vale teren jounen jodyè a mwen rico te toujou pwonnen nan fen ane 60 yo. Men 2 kinan m yo ki disparèt te toujou nan chire pit ak mwen . Pou meye sayo kite inivèsitè alepok, moun de syans yo te wè pi lwen nan gran liv, se trete ti frè yo kom devyasyonis.

Alepok se toujou, ensiste ak kisa yo pral fè revolisyon pwoletaryenn sa. Nan yon peyi san sisbstans ki chita sou mizè, yon ekonomi pov, aksfisye. Se te toujou patinaj ak repons evazif. Alos mwen toujou pran plezi di mwen fenk kapitalis. Jounen jodyè a si yo te vivan mwen






konnen yo tap banm rezon.









Sitou moun ki te ansanm alepok komanse divize depi letranje pa kapab janm antann yo. Yo tout te vle gen kontrol yon pati. An 86 yo rantre nan peyi dayiti toujou nan divizyon . Chak kan monte pati yo, se konsa klan Pierre Charles fè alyans ak lot koken nan yon bouyon mikmak. Apre se tande w tande lidè chwazi pou prezidans se yon chapo legal li te bezwen.

Men sa anpil moun pa janm konprann lidè teyoloji liberasyon yo chwazi li te soti nan mitan yon gwoup lennmi viseral klan Pierre Charles bann ekip mawowis defen Karl Levek yo. Se te yon abse sou klou. Alos koman vle bann kabrit tomazo ki nan tout chire pit deja mete ak vye divizyon ideyolojik bay bon rezilta. Nou dwe konprann anpil bagay ki dèryè tout desant o zanfè ekip goch kavya sayo.

Daye tout 2 kan divize sayo toujou solisite Rico ki kanpe byen lwen toujou tchwipe yo . Alos moun ki refize konpran rico mwen bannou bon pis pou medite.


RICO,
Nou pat konnen yo.Ou konnen jan diktati a tap fonksione a ,moun pat konnn moun,info pat sikile.Se jiska la fen ,apre chut mur de Berlin yon moun ap konprann ki jan moun te nan lobey ak stalinien yo.
Revenir en haut Aller en bas
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 15:59

Rico ekri "Alos koman vle bann kabrit tomazo ki nan tout chire pit deja mete ak vye divizyon ideyolojik bay bon rezilta"

Sa se yon esplikasyon men li pa yon eskiz. Nan tout peyi, tout mouvman toujou gen divèjans. Menm revolisyon Kiba a, manje anpil pitit li. Poutan, gade byen sou teren an,ou va wè bon jan reyalizasyon - akote tout devyans ki la tou.

Mwen pa maton nan istorik mouvman "gochis" la nan peyi nou. Men, rezilta n ap obsève la a fè mwen konprann etikèt "gochis" la se kichoy zot te mete sou tèt yo - osnon kite yo mete sou tèt yo, yon mannyè ki ase fantezis.

Annatandan, mwenmenm, mwen teke fren mwen la. Mwen espere kesyon Pipo poze Rico a konsènan Rock Derose la va jwenn repons. Mwen esperetou Malice va pote plis limyè sou evenman 1957 yo, kote mwen kanpe moso chwazi nan tèks Lafimen an.

Se espwa mwen sa, pou Ayisyen koumanse pataje plis detay osijè sa yo viv, sa yo konnen ki pase nan listwa pou jenerasyon ki pa te la yo, kapab pi byen konprann ki chimen ki te mennen nou nan kafou tenten kote nou abreye alèkile a. Se, sèten, nan rakonte listwa - kit se listwa an lontan, kit se listwa tan pa nou, toujou gen prejije pèsonèl pa nou ki kolore lekti nou. Men, lè ou tande 4, 5, 6 son ki rakonte ou evènman yo selon pwen referans pa yo, ou kapab devlope yon lide ki pi klè, ki pèmèt ou sezi plis nan konpleksite moman yo dekri a.

Fanmi m yo, mwen kraze rak. M ap kontinye aprann ak nou. E depi mwen santi gen kichoy mwen ka kontribye, m a lage l nan wonn nan.

An pasan, mwen gen emisyon Bouyon Rasin aswè a apati 6zè nan www.chuo.fm m ap pwofite di 2 mo osijè fowom nan. Si gen nan nou ki branche pa neglije rele pou nou di onè nan 613 562-5967. Gen kanpay finansman estasyon an, men se pa sou sa m ap fè liy ouvèt la ki itilize yon liy telefon apa. Si nou rele pou di 2 mo, sa ap fè mwen plezi anpil. Revelasyon te fè mwen sezi lè li te rele lè konsa, ane pase, sanzatann. Se poutèt sa, menmsi se yon vye kanmarad ki toujou ap fè move lese frape avèk mwen, mwen apresye li anpil kanmenm!

respè!

Jaf
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star
Rodlam Sans Malice

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 16:25

Eske pa genyen yon ayisyen ki akise Pierre charles de delatè?mwen bliye non li men nou te pibliye teks saa sou forum lan.anpil neg sa yo se te yon bann revolutyonè de salon.genyen yon zanmim ki dim ke te genyen yon ofisye ki tap swiv yon machinn kote brisson tap kondwi epi Theodore te chita bor kote li lè brisson vire bor deyè katedral li fè yon kout fe sou machinn ofisye ki blije retrete epi yo di ke Theodore te fache kont brisson.Pat genyen vrè revolutyonè a pa Jacques Stephen Alexis ak kek lot neg tankou brisson pami neg sa yo.genyen anpil nan yo ki la koz anpil ti jenn jan mouri pou gremesi.

Roger gaillard te ekri yon atik sou le Nouvo monde apre bagay riyel nazon an kote li te vannen anpil nan yo.
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 51
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 16:51

Roger Gaillard te youn ladan yo.Mouche te toujou afiche "la goch li" nan Journal le nouveau -monde.Kouman w konprann ke mouche te redakte an chef jounal sa a nnan moman represyon tap fet sou kominis .
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 51
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 16:53

Rodlam Sans Malice a écrit:
Eske pa genyen yon ayisyen ki akise Pierre charles de delatè?mwen bliye non li men nou te pibliye teks saa sou forum lan.anpil neg sa yo se te yon bann revolutyonè de salon.genyen yon zanmim ki dim ke te genyen yon ofisye ki tap swiv yon machinn kote brisson tap kondwi epi Theodore te chita bor kote li lè brisson vire bor deyè katedral li fè yon kout fe sou machinn ofisye ki blije retrete epi yo di ke Theodore te fache kont brisson.Pat genyen vrè revolutyonè a pa Jacques Stephen Alexis ak kek lot neg tankou brisson pami neg sa yo.genyen anpil nan yo ki la koz anpil ti jenn jan mouri pou gremesi.

Roger gaillard te ekri yon atik sou le Nouvo monde apre bagay riyel nazon an kote li te vannen anpil nan yo.


Papa Rene Theodore te yon gwo depite Duvalieris.Misye te toujou di nou se an 1972 li te kite peyi a.Se li ki te responsab region Des Matheux le masak kazal la te fet.Sa w ekri a rekoupe sa anpil ansyen manm PUCH te konn di sou defen an.
Revenir en haut Aller en bas
Rico
Super Star
Super Star
Rico

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) EmptyDim 29 Mar 2009 - 16:57

Rodlam Sans Malice a écrit:
Eske pa genyen yon ayisyen ki akise Pierre charles de delatè?mwen bliye non li men nou te pibliye teks saa sou forum lan.anpil neg sa yo se te yon bann revolutyonè de salon.genyen yon zanmim ki dim ke te genyen yon ofisye ki tap swiv yon machinn kote brisson tap kondwi epi Theodore te chita bor kote li lè brisson vire bor deyè katedral li fè yon kout fe sou machinn ofisye ki blije retrete epi yo di ke Theodore te fache kont brisson.Pat genyen vrè revolutyonè a pa Jacques Stephen Alexis ak kek lot neg tankou brisson pami neg sa yo.genyen anpil nan yo ki la koz anpil ti jenn jan mouri pou gremesi.

Roger gaillard te ekri yon atik sou le Nouvo monde apre bagay riyel nazon an kote li te vannen anpil nan yo.


Malice fè atansyon pa rantre nan yon trip demolisyon. Yon moun tankou Brisson ak byen lot lot se patriyot konsekan. Se byen konprann te gen fay kom nan tout oganizasyon. Manyè gen respè pou moun sayo. Anpil jenn gason ki pase lenfinitif nan menm epok sayo.

Nou pa dwe tonbe nan rizib Roger Gaillard ap ekri radot o sèvis rejim kann kale nan yon epok douloure, vreman tris. Dayè Rico ti minè livre a li menm nan Potoprens, nan tout vye soufrans, se konsa mwen pral konnen saki rele grangou, pa manje plizyè jou, domi nan move kondisyon.

Se te kanpe lwen tout asistans ak sekirite familyal. Poutan mwen pa te militan ni senpatizan sof te gen malè manb nan yon fanmy opozan. Mwen rete kriitk kont setenn pratik ak taktik ansyen militan sayo. Men se bon patriyot konsekan ki renmen Ayiti, ki te devwe pou li. Alos fè atansyon ak tenten tankou Roger Gaillard ap debite an plenn peryod represyon, vye abi, kraze zo nan fen ane 60 yo.
Revenir en haut Aller en bas
Contenu sponsorisé




AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty
MessageSujet: Re: AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)   AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen) Empty

Revenir en haut Aller en bas
 
AYITI 1946 - 1956 (Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen)
Revenir en haut 
Page 1 sur 1

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: