Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  ÉvènementsÉvènements  PublicationsPublications  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  Connexion  
Le Deal du moment : -41%
-41% sur l’excellent casque nomade filaire Sony ...
Voir le deal
129 €

 

 Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)

Aller en bas 
AuteurMessage
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty
MessageSujet: Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)   Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) EmptyDim 12 Avr 2009 - 17:16

Nan kèk jou (14 avril 2009) yon kantite moun pral chita nan Washington pou yo diskite osijè lavni peyi d Ayiti. Ojis, sanbletil, yo pral pale sitou osijè bidjè 2009-2011 peyi a, epi ki pati nan bidjè sa a peyi tankou Etazini, Kanada, Lewop pral ede finanse atravè enstitisyon Bretton Woods yo.

Nan fouye sou entènèt la mwen tonbe sou dokiman ki layite detay pwopozisyon gouvènman Ayisyen an nan kad chita pale ki pral fèt Washington, 14 avril 2009 la.

Alewè: CONFERENCE ON THE ECONOMIC AND SOCIAL DEVELOPMENT OF HAITI III - «TOWARD A NEW PARADIGM OF COOPERATION» - WASHINGTON 14 APRIL 2009
http://www.reliefweb.int/rw/RWFiles2009.nsf/FilesByRWDocUnidFilename/SNAA-7QZFTV-full_report.pdf/$File/full_report.pdf

Lè nou founi je gade dokiman sa a pi pre, men ki refleksyon ki pase nan lespri nou:


1) Wi, gen nesesite pou Leta Ayisyen devlope yon tip relasyon tou nèf ak enstitisyon finansyè entènasyonal yo
2) Ayisyen ki ap viv andeyo teritwa peyi a, Ayisyen ki pa aktyèlman konekte ak gouvènman Preval-Pierre-Louis a gen obligasyon jwenn mwayen ede ranfose kapasite leta a - paske sitiyasyon an grav anpil e pa gen tan pou pèdi nan fè regadan osnon rete tann "envitasyon fomèl"


1) Pou chanjman paradigm nan fèt tout bon vre...

Fok genyen plis imajinasyon ak fos kreyativite nan jan bidjè peyi a ap kosevwa epi aktyalize. Paregzanp, dokiman ki pral Washington nan, ki chaje ak move tradiksyon angle ki rann lekti a difisil anpil - pa prezante ase eleman tou nèf ki ta konvenk pyès moun ke Leta Ayisyen pran dispozisyon apwopriye pou garanti byennèt ak sekirite Ayisyen. Se menm apwoch tradisyonèl yo ki la, kit se onivo agrikilti, sante, edikasyon, faktori, enfrastrikti (wout ak elektrisite).

Annou gade kèk segman nan dokiman an, pou nou ka wè pi klè:

Citation :
The government of Haiti faces exceptional challenges to be noted during the financial year 2009. In
fact, the response to the humanitarian crisis and the reconstruction of the infrastructures destroyed
after the passage of the hurricanes will necessitate significant resources, in addition to those re-
quired to assure the activation of the DSNCRP. In April 2007, the cost estimate of the financing for
the activation of the strategy is set at 3.9 billion dollars, of which the government estimated that
nearly half was already covered. For the current financial year, certain backers of funds (BID, World
Bank, European Union, Spain and France) foresee providing a budgetary support for a total amount
of $92 million. A financial gap of 125 million dollars would remain in spite of all. To fill this financial
gap will be primordial to finance basic social services to the population and to create a secure stable
environment, a prerequisite for the consolidation of the advances in matters of governance.

It will be important that on the basis of the priority domains and sectors of the DSNCRP, as well as
the means of maintaining the stability of the macroeconomic framework, the Government and the
PTFs agree on the content of a common matrix of performances.

This framework of measures of performances will be the basis of a dialogue and will be used as an
instrument of appreciations of the results obtained. On the basis of the confidence inspired by this
framework and the matrix of the relevant measures, the partners would commit to provide a budget-
ary support in a programmed way.

To reach this objective, the Government has already consulted the technical and financial partners
(PTF) on the content of this matrix of measures of reform of the economic governance at Ottawa.
Already, the partners are invited to communicate to the government additional measures of reforms
of economic governance which they consider as essential to the improvement of the transparency
and of the giving of a sense of responsibility, permitting them at the same time to increase noticea-
bly their budgetary support to Haiti, durably and able to be foreseen.


Lè nou li pasaj sa a nou pa wè okenn tras imajinasyon, ni chanjman paradigm. Okontrè, sa nou wè se kantite tan ak lajan ki pwojte gaspiye nan pwodui dokiman initil. Se yon biwokrat mwen ye tou. Kote m ap travay la, mwen responsab pwogram plizyè milyon dola. Kidonk, lè m ap li koze tankou "common matrix for performance measures" tousuit mwen rekonèt sa vle di konsiltan pral fè anpil lajan ap pwodui dokiman pou pousyè devore.

Èske sa vle di mwen pa dako ak lide devlope metod pou mezire pwogrè nan plan gouvènman an? Se pa sa ditou mwen vlè di. Men, sa ki pwopoze la a pa diferan de sa ki te toujou ap pale epi ki pa janm fèt vre. Pa gen chanjman paragdigm la a. Okontrè, sanble Leta Ayisyen ap tounen yon senp "ONG" k ap pral pèedi tout enèji li ap defini ki jan pou li bay "blan an" rapo sou lajan li te resevwa pou fè mirak nos Cana a.

Yon chanjman paradigm tout bon vre ta pwopoze plis tan, lajan ak enèji pase nan strateji pou mobilize resous peyi a (moun, richès natirèl elatriye) ki toupatou sou latè - nan avantaj Ayiti - epi mwens tan ap pwodui dokiman pou yon biwokrasi ke Ayiti pa ka pèmèt li.

Nou van retounen sou koze chanjman paradigm sa a pi devan.

Pou kounye a, n ap envite ou gade dènye fraz ki an wouj nan sitasyon pi wo a. Sa a se yon egzanp move tradiksyon ki toupatou nan dokiman an. Sa a se sentom yon mal ki pi pwofon. Mwen pa lonji dwèt sou li jis pou kritike. Kom yon moun ki deja wè ki jan minis Ayisyen oblije ap pase yon jou samdi ap korije pwop lèt li paske sekretè k ap travay pou li a, pa konpetan ase pou fè travay la, mwen konsyan gen yon gwo pwoblèm resous ki esplike medyokrite ki evidan nan anpil domèn administrasyon piblik Ayisyen an. Men, esplikasyon sa a pa yon eskiz. Se yon ekzanp pami tandot ke anpil fwa tan, lajan ak enèji depanse nan bagay ki fitil - tankou rad moun ki pral vwayaje pou reprezante Ayiti nan konferans sa y - olyede kalite dokiman ofisyèl ki pra l itilize yo.

Li klè dokiman sa a, se tradisyon angle yon dokiman ki ekri an franse odepa. Se pou sa li chaje ak moso mo franse ki pa tradui. Mo ki pa egziste nan lang angle a - oudimwens ki pa gen menm sans nan de lang yo - "organisms" elatriye...

Nou va kontinye analiz sa a pi devan ak kèk pwopozisyon konkrè ki ka itil reprezantan leta Ayisyen yo, ni nan Washington (14 avril), nin nan Trinidad (17 avril).

Objektif nou se bay moso kontribisyon pozitif pa nou. Nan sans sa a, nou envite oumenm k ap li tèks sa a, pou ou li dokiman an pataje refleksyon pa ou avèk nou.


respè,

Jaf
Revenir en haut Aller en bas
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty
MessageSujet: Re: Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)   Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) EmptyMar 14 Avr 2009 - 22:32

Annou rapousuiv refleksyon an...


1) Pou chanjman paradigm nan fèt tout bon vre...


Nou di gen dekwa pou Ayiti fè yon chanjman radikal nan jan li konsevwa lavni li epi ki jan relasyon Leta ak Sitwayen Ayisyen an tabli, ki jan relasyon Leta Ayisyen ak etranje tout plim tout plimaj tabli.

Onivo relasyon Leta ak pitit peyi ki layite toupatou sou latè, gen yon relasyon konfyans ki merite bati - sou yon baz ki odepa negatif. Yon chanjman paradigm reyèl ap ekzije pou Leta Ayisyen montre yon preyokipasyon reyèl - ki parèt nan bidjè peyi a, pou li envesti nan SIMANTAY sosyete a. Sa vle di bati yon vizyon pozitif -konsevwa yon pwojè nasyonal - lavi miyo - ki baze sou reyalite peyi a, san pou otan li pa rachitik osnon limite. Paregzanp, yon seri gwo pwojè ki ap fasilman jwenn apwobasyon gwo majorite popilasyon an, ta ka sèvi eleman rasanblè - paregzanp: ANN BATI YON REZO OTOWOUT TOUT BON POU KONEKTE TOUT DEPATMAN PEYI A -
Etan k yon pwojè nasyonal, OTOWOUT sa yo ta pote non Fondatè Nasyon an (fanm ak gason). Lajan ki ap itilize pou bati otowout sa yo ta soti nan bidjè nasyonal la ak konbit Ayisyen toupatou ki fèt espesyalman pou pwojè sa a, kote majorite konpayi ki pral bati wout yo, se konpayi Ayisyen, ki pral itilize majorite materyo Ayisyen.

Wi, sa mande odas. Sa mande moun ki bati kredibilite ase pou yo motive plizyè milyon moun otou yon pwojè konplèks. Men, konpliksite pa vle di enposiblite. Se ak defi moun grandi.

Chanjman paradigm nan vle di tou pou nou sispann panse "piti". Koze ap fè ti pwojè, ti bout wout, pou ti peyi a anpeche nou rann nou kont ki jan n ap gaspiye potansyèl nou Ayiti se 27750 kilomèt kare. Ti zile tankou Lagonav pi gwo pase zile Barbados. Nou gen yon gwo mache nan karayib la. Nou se konsomatè, nou ka pwodiktè tou. Men, fok nou pran libète panse "gwo". Sa vle di soti nan "bwat ti peyi" nou abitye foure tèt nou an.

Pou chanjam paradigm fèt nan relasyon Leta Ayisyen ak etranje yo - kit se peyi - kit se enstitisyon Bretton Woods yo. Fok dirijan nou yo, biwokrat nou yo, sispann pran pozisyon defansif chak fwa yo antre nan negosiyasyon ak moun sa yo. Defann enterè peyi a sou baz yon vizyon ki pi gran, pi stab epi ki baze sou yon prensib envyolab: KESESWA INISYATIV LETA AYISYEN AP PATISIPE LADAN L, FOK LI KONTRIBYE NAN EFO POU RANfOSE KAPASITE NASYON AN. Sa vle di si inisyativ la pap kite yon baz enfrastrikti, yon baz konesans ki depase tan ak lajan ki envesti alabaz la, sa pa vo lapenn. Kesyon pou lajan ap gaspiye nan "etude des lieux" osnon konferans pale anpil nan Otèl potoprens kote finalite a se rapo pou tiwa, se nsyen paradigm "been there, done that!". Non plis se pa gaspiye tan ap devlope "performance metrix" osnon lot "buzz word" ki alamod sètansi nan peyi rich yo - kote gen lajan agogo pou gaspiye nan FM (fo mouvman). Ayiti, nou deja wè ki jan nou ka mezire siksè. Konbyen nouvo ekspè nan bay laswenyay nou genyen ki soti nan seksyon kominal kote pwojè a te aplike? Konbyen novo konpayi Ayisyen ki kreye 100 dyob pou moun k ap viv kote pwojè a te aplike a? Konbyen nouvo entreprenè ki ap pwodui lèt, yogou, nan letri ki vin tabli nan zon nan, apati pwojè X....

Mwen pa kwè pwojè Kowopersyon ak Kiba a te ekri 20 mil paj "performace metrix" anvan li te koumanse - jouk li gaye nan tout ko peyi a.

Yon chanjman paradigm va ekzije Leta Ayisyen pou li negosye ak USAID, OXFAM, CIDA elatriye pou yo sispann mete poto nan tout ko peyi a, ap fè reklam pou tèt yo paske yo te mete kob nan yon pwojè wout - kote nan negosiyasyon yo te ekzije se konpayi Kanadyen, Meriken .... ki dekwoche kontra pou menm wout sa a yo vle fè pase pou kado - aloske gen yon pati ki finanse sou baz lajan Leta Ayisyen prete e ap genyen pou remèt. Yon chanjman paradigm ap ekzije Leta Ayisyen jere imaj li pi byen. Menm jan sa fèt nan anpil lot peyi - menm sila yo ki gen gwo pwoblèm ekonomik e ki oblije prete pou bati enfrstrikti yo tou. Se plis ke yon senp kesyon imaj pou ogèy. Se yon kesyon jesyon imaj pou ankouraje enspirasyon, motivasyon sitwayen peyi a - ki dwe wè LETA peyi yo prezan - ap travay ak yo, pou yo, olye ke chak kafou li vire se yon men blan li remake k ap ofri lacharite. Nou dwe aprann jere kay nou, imaj nou, ki afekte reyalite nou.


Mwen kanpe la pou koze chanjman paradigm nan. Mwen espere m a kapab tounen ak kèk komantè sou pwen 2 a, ki se MOBILIZASYON PITIT PEYI A KI TOUPATOU SOU LATÈ. Li lè li tan pou Ministè Ayisyen K ap Viv Aletranje a, tounen yon minstè k ap travay tout bon, e non yon bwat kote moun jwenn yon dyob pou yon bout tan, epi anyen. Nou pa oblije aksepte medyokrite. Nou ka, nou dwe aji otreman. Mwen kanpe la, e mwen espere kanmarad yo pa p kite mwen nan won sa a pou kont mwen....Pa gen lèt envitasyon non konpatriyot...Se pa envitasyon yo te voye ban mwen non...se pase m t ap pase, mwen wè se nan mitan fanmi mwen ye...mwen koumanse pataje...alèkile mwen pe...paske mwen espere tande ou.


respè,

Jaf
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star
Rodlam Sans Malice

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty
MessageSujet: Re: Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)   Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) EmptyMar 14 Avr 2009 - 22:53

maten yan map tande Presidan Obama ki ap pale de ekonomi ameriken yan youn nan sa li di ki atire atantyon mwen se kose ke ameriken beswen plis moun ki pwodwi bagay ki ka vann nan lot peyi li di wi ke nou beswen moun ki ap konte yo tou men nou bweswen plis enjenyè,antreprenè ki ka kreye plis byen pou nou exporte plis e enpote mwens.

e byen pou mwen se pwoblem tout peyi sou devlope yo.menm yon grenn aspirinn se achte nap achte sa nan men lot moun men nou pa pwodwi ase pou menm konsomatyon lokal la mwen pa beswen di pou nou eksporte.ti kras de moso twel nou kole pou nou vann yo pa ase pou balanse enpor e expor.pou balans komersyal la positiv.Depi nou pa regle pwoblem saa ak kwasans demografik tout pale anpil se radot nan mache se radot.nap toujou ap mande charite pou yo ba nou 125 milyon dola.komsi 125 milyon ka fè devlopman ekonomik.Sa ki dekourajan ak dirijan ayisyen yo sè ke yo refize pran mesi pou reset leta peye gouvenman an non yo depann de led exteryè pou fè peyi ya mache.kouman pou yon peyi devlope si nanpren lajan ki envesti nan R&D recherch e devlopman.ki jan yo panse yo ka devlope peyi ya si pa genyen yon epay natyonal ki fet nan peyi pou entreprenè ak peyisan jwen lajan prete?

mwen chak fwa map tande bagay sa yo epi mwen tande ke yon paket ayisyen ap di yo genyen doktora nan ekonomi map mande ki bor yo te pran doktora saa?
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 51
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty
MessageSujet: Re: Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)   Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) EmptyMar 14 Avr 2009 - 23:07

JAF,
MWEN BYEN KONTAN DE REFLEKSYON SA YO OU KOUMANSE INISYE LA YO.MWEN KWEN KE YOUN NAN KESYON POU MOUN POZE:KI PEYI NOU VLE?ESKE NOU KA REFOME ENSTITISYON YO?PASKE MWEN KWE SE SOU STRUCTURE DUVALIYE NAP WOULE TOUJOU MALGRE 20 TAN PASE.MALGRE TOUT BON VOLONTE YON MOUN TA GENGNEN POU TA FE BAGAY YO POUSE,SYSTEM NAN AP BWE W.CELA ETANT DIT,NOU NAN YON YOU SITIRASYON DE "SOUVERAINETE LIMITEE".PEYI A SOU OKIPASYON.OTREMAN DI AJANDA OKIPAN YO PA MENM AK MOUN KI VLE CHANJE LA VI. KOUMAN MOUN KA KREY YON DINAMIK POU ABOUTI AK YON GWO MOUVMANN NASIONALIS?MALGRE APATI OU BYEN OU WEN TOUT MOUN REJI PAR LA PANSE UNIK,MWEN PA JANM BLYE MO ROSA LUXEMBOURG KOTE LI TE DI "YON REVOLUTION GEN 2 FAZ MENM JAN AK YON LANME:FLUX ET REFLUX.
KOUNYE A SE LA REYAKSYON .MEN MWEN KWE GENYON BAGAY KI POU FET.MWEN WE TOU YON FUTUR CHANTYE KI CHITA SOU 3 GRANZAKS:EDUCATION,SANTE ,INFRASTRUCTURE.POU MWEN SE PA KREYE LEKOL PAS PALA.MWEN KWE SE PITO ENTEGRE SA YO DANS YON ANSANM POU NOU KORIJE EDIKASYON A 2 VITESS NAN PEYI A.PRAN YON TI MOUN KI SOTI NAN YON LEKOL KELKONK AK YOUN KI SOTI NAN SENLWI,KANADO.SE PA MENM BAGAY LA.POUTAN FIZIKMAN YAP VIV SOU MENM TERITWA.KI DONK FOK GEN YON UNIFOMIZASYON EDUKATION.FOK YO TA KREYE LEKOL ARTS E METYE NAN PEYI A,SA MANDE POU POUVWA PIBLIK LA TA ATIKILE YON POLITIK EKONOMIK KOTE LI WOMP AK YON SERI DE DIKTA POU KI POU PEMET LI TA POUSWIB OBJEKTIF LI.(A SUIVRE).
Revenir en haut Aller en bas
revelation
Super Star
Super Star
revelation

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty
MessageSujet: Re: Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)   Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) EmptyMer 15 Avr 2009 - 14:00

Citation :
Jaf di: Pou kounye a, n ap envite ou gade dènye fraz ki an wouj nan sitasyon pi wo a.
Sa a se yon egzanp move tradiksyon ki toupatou nan dokiman an. Sa a se sentom yon mal ki pi pwofon. Mwen pa lonji dwèt sou li jis pou kritike. Kom yon moun ki deja wè ki jan minis Ayisyen oblije ap pase yon jou samdi ap korije pwop lèt li paske sekretè k ap travay pou li a, pa konpetan ase pou fè travay la, mwen konsyan gen yon gwo pwoblèm resous ki esplike medyokrite ki evidan nan anpil domèn administrasyon piblik Ayisyen an.

Men, esplikasyon sa a pa yon eskiz. Se yon ekzanp pami tandot ke anpil fwa tan, lajan ak enèji depanse nan bagay ki fitil - tankou rad moun ki pral vwayaje pou reprezante Ayiti nan konferans sa y - olyede kalite dokiman ofisyèl ki pra l itilize yo.

Li klè dokiman sa a, se tradisyon angle yon dokiman ki ekri an franse odepa. Se pou sa li chaje ak moso mo franse ki pa tradui. Mo ki pa egziste nan lang angle a - oudimwens ki pa gen menm sans nan de lang yo - "organisms" elatriye
...

Mwen dako avek w Jaf, paske gen yon minimum konpotman professionnel pou yon delegasyon gennyen le yo reprezante tout yon pep e sitou le se aveni pep sa ki an danje. Pafwa yo konn pa bay yon moun yon lajan paske reket dokiman mal prezante e pa profesionelman detaye pou konvink yon group de moun. Moun sa yo se expe ke yo ye e nou pakab pete yo fasilman konsa.
Fok dokiman yo professionelman prepare, analize, e korije pa yon ekip expe edite, e proofreading.
Sa pa gen manti ladan.

Revelasyon
Revenir en haut Aller en bas
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty
MessageSujet: Re: Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)   Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) EmptyMer 15 Avr 2009 - 21:36

Mwen envite nou ale koute emisyon "the current" ki pase maten an sou rezo Radio-Canada a. Yo te pale ak Marcus, Collier, epi John Maxwell.

Part 3: Haiti - Optomist
http://www.cbc.ca/thecurrent/2009/200904/20090415.html

Osijè reyinyon ki te fèt Washington nan, non sèlman dokiman ofisyèl ki te nan lang angle a te chaje ak fot epi move tradiksyon, konsèp ki te devlope ladan l yo, se yon seri koze tradisyonèl ki pa gen okenn souf imajinatif. Se toujou nan lespri "degaje pa peche"- pov pa bezwen reve rete nan bèl kay - n ap kreye kèk djob faktori - sa ap kontribye nan 'trickle down economy' - ki limenm ap kreye yon soupap pou evite eksplozyon sosyal". Ojis, Ayiti tounen yon laboratwa kote zot ki fè rèv yo jwenn solisyon pou sove limanite ap vin eksperimante teyori pèpè (ki pa ni nèf, ni imajinatif, ni adapte ak reyalite peyi a) nan yon savann.

Mwen swete dènye douch frèt sa a va sèvi dirijan Ayisyen yo leson pou yo konprann blan an pa enterese nan finanse devlopman Ayiti, jan li te enterese fè sa pou Lewop apre lagè a. Rezon an senp, men nou kontinye ap aji tankou timoun ki pa vle fè fas a reyalite. Nou refize konprann sa ki nomal la. Fanmi defann enterè fanmi. Blan pa gen enterè nan lavi ak lavni nèg. Si ou vle lajan pou fè kolok nan Otel Montana sou tout kalite sijè. Si ou vle lajan pou ekspè ki soti lakay yo vin analize mizè ou nan "étude des lieux" ou va jwenn lajan agogo. Yo ap two kontan retire en pe akote pou grese pat kèk Minis ak Depite, san konte konpayi pa yo k ap kontinye fè pwofi pandan menm peyi ou la ap anfonse (alewè Gildan Activewear, Ste-Genvieve).

Nan finisman emisyon an, gen yon jenn vedèt Somalyen mwen apresye anpil ki rele Knaan, misye di kichoy osijè mouvman sa li di yo konsidere "gadkot" Somalyen k ap twoke konn yo ak pirat ki anvayi dlo ki viwonnen peyi yo a - sa ka ede kèk nèg reflechi sou konpotman yo. Nan dezyèm pati emisyon an, yo manyen kuis Lafrans osijè tretman Solda Afriken ki te ede libere yon Lewop rasis epi san rekonesans....sa tou ka ede kèk Frankofou reflechi....

N ap rete tann Tonton Nwèl toujou....?


Dernière édition par jafrikayiti le Mer 15 Avr 2009 - 21:46, édité 1 fois
Revenir en haut Aller en bas
Invité
Invité



Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty
MessageSujet: Re: Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)   Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) EmptyMer 15 Avr 2009 - 21:42

Jaf,

Sispann kritike.

Desann Ayiti e ale bay koutt men ou pito.

Moun ki rete viv nan fatra ak labou pou rete sèvi peyi yo merite plis ke vie kritik sa yo.
Revenir en haut Aller en bas
Contenu sponsorisé




Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty
MessageSujet: Re: Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)   Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !) Empty

Revenir en haut Aller en bas
 
Chanjman Ayisyen kapab kwè ladan l tout bon (Change Haitians can beleive !)
Revenir en haut 
Page 1 sur 1

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: